Accessibility links

Breaking News

Gana: Gwo Eskandal Apre yon Prèt Marye ak yon Tifi 13 Zan


Shagulgulan Bikin Ranar Samun ‘Yanci A Ghana
Shagulgulan Bikin Ranar Samun ‘Yanci A Ghana

Gwo eskandal pete nan Gana apre yon yon prèt te marye ak yon tifi 13 an, sa ki te fè moun sezi nan peyi wès Afrik la, e anpil moun leve vwa yo pou mande arete Prèt la.

Pè Nuumo Borketey Laweh Tsuru XXXIII, ke yo rele tou Gborbu Wulomo, marye ak adolesan an nan yon seremoni tradisyonèl Samdi a toupre kapital la Accra.

Foto ak videyo seremoni sa a te sikile sou rezo sosyal yo, sa ki te pwovoke endiyasyon moun ki te wè videyo yo ak defansè dwa timoun yo.

Nan Gana, laj legal pou on moun marye pou pi piti se 18 an.

Ansyen Minis pou Egalite Fanm ak Gason, Pwoteksyon Timoun ak Sosyete a nan Gana, Nana Oye Bampoe Addo, di AFP Madi a, ke pratik kiltirèl yo nan Gana pa respekte lwa yo ak Konstitisyon peyi a.

Addo, ki se yon aktivis, di: "Leta dwe aji imedyatman".

Li di tou "Sa ki sot pase la a se yon krim e li ilegal".

"Si gen prèv pou akizasyon yo, sa se yon ofans kriminèl e lajistis dwe pouswiv tout moun ki enplike ladann," se sa biwo pwokirè jeneral la, ki louvri yon ankèt, di nan yon deklarasyon.

Otorite yo ak lapolis di tifi a gen 13 an, men otorite tradisyonèl ki te patisipe nan seremoni an di li gen 16 an.

Pou defann inyon sa a, pòtpawòl prèt la di: pa gen kesyon relasyon seksyèl la a. San li pa bay laj adolesan an, li di p ap gen bagay konsa toutotan timoun nan pa rive nan laj legal konsantman an, ki se 16 an.

"Se pa yon seremoni maryaj. Pa gen anyen seksyèl ladann. Prèt la deja gen twa madanm ki jwe wòl tradisyonèl. Se yon wòl òdinè ki gen antwòt ede prèt la nan devwa espirityèl li yo," se deklarasyon sa a pòtpawòl prèt la, Mankralo Shwonotalor, bay AFP nan telefòn.

Li di tou pè a pa vyole dwa tifi a e ke li kontinye ale lekòl.

Tifi a ak manman l anba pwoteksyon lapolis depi apre maryaj la.

XS
SM
MD
LG