Accessibility links

Breaking News

Dezakò Pami Delege yo sou Kiyès ki ta Dwe Dirije Konsèy Tranzisyon an Anpeche Fòmasyon Gwoup la


Foto Achiv: Yon manm fos sekirite Ayiti kanpe devan Pale Prezidansyel la nan Potoprens, 12 Mas, 2024.
Foto Achiv: Yon manm fos sekirite Ayiti kanpe devan Pale Prezidansyel la nan Potoprens, 12 Mas, 2024.

Dezakò pami delege yo pa rapò ak kiyès ki ta dwe dirije Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl Ayiti a lakoz yo poko fòme konsèy la ofisyèlman, dapre sa yon reprezantan di AFP Lendi.

Pandan wiken nan gen yon manm konsèy la ki demisyonnen akoz menas lanmò li resevwa.

Kriz politik Ayiti a jete yon lombraj sou kriz ensekirite a. Eleksyon pa dewoule depi 2016, e Premye Minis Ariel Henry kap dirije Ayiti depi lanmò Prezidan Jovenel Moise an 2021 pwomèt pou bay demisyon li yon fwa ke konsèy la komanse fonksyone.

Ensekirite a te vinn pi grav anba gouvènman Henry a. Mwa pase a gang yo te kole tèt ansanm pou lanse atak epi egzije pou l bay demisyon li.

Sepandan, Komisyon Prezidansyel la, ke LONU ak CARICOM apiye, kontinye redi pou l antre an fonksyon, 2 semèn apre anons Henry te fè 11 Mas la.

Konsèy tranzisyon an - pral gen ladann 7 manm ki ka vote ak 2 manm ki pap ka vote. Li fome ak manm pati politik Ayisyen ak sektè prive a. Yo pral gen pou nomen yon premye minis ak yon gouvènman ki va oganize nouvo eleksyon.

Fòmasyon konsyè la trennen anpil pandan negosyasyon chaje ak tansyon ap dewoule. Wikèn ki sot pase a anko te gen zizani ant manm yo. Se konsa, Anbasadris Ayiti nan UNESCO, Dominique Dupuy, ke youn nan kowalisyon politik yo te chwazi kom reprezantan li, te anonse lap demisyonen. Li site menas kont vi l ak vi fanmi li.

Dupuy te sèl reprezantan fanm nan konsèy la. Se Smith Augustin ki ranplase l. Misye se ansyen anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn.

Kounyea sa ki anpeche fòmasyon ofisyèl konsèy la se dezakò sou kiyès ki ta dwe dirije l, dapre sa youn nan delege yo di AFP sou kondisyon pou yo pa site non li.

Rankont te dewoule pandan wikèn nan epi Lendi maten. Gen yon lòt rankont ki pwograme pou dewoule ant delege yo ak CARICOM Lendi apremidi, menm sous la di AFP.

Gen pwogre ki fèt pandan rankont yo sou kèk pwen, dapre delege a. Pa egzanp, kritèr pou vinn prezidan konsèy la ak pou chwazi premye minis enterime a.

Anvan rankont CARICOM nan Pòtoprens te kalm Lendi maten. Pandan wikèn nan te gen gwo echanj kout zam malgre eta dijans ki an plas depi prèske yon mwa.

Tandiske gen moun ki te soti nan lari, moun te ka santi absans lòd gouvènmantal la. Lekòl yo ak biwo gouvenman yo te rete fèmen.

Gang ame yo kontwole plis pase 80% kapital la ak kèk vil andeyò Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG