Accessibility links

Breaking News

Tribinal Nouyòk Ranvwaye Pou Kounyea Koleksyon Lajan Trump Dwe l nan kad Pwosè Sivil pou Frod la


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Nouyok, 11 Janvye, 2024.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Nouyok, 11 Janvye, 2024.

Yon Kou d Apèl Dakò pou l ranvwaye pou kounyea koleksyon $454 milyon ansyen Prezidan Donald Trump dwe apre li pèdi yon pwosè sivil pou frod - si li peye $175 milyon nan 10 jou.

Si Trump fè sa, li pral ranvwaye pwosesis koleksyon lajan li dwe a epi anpeche leta sei byen li ann atandan li ale ann apèl pou konteste desizyon an.

Devlopman an vini yon ti tan selman Lendi anvan Minis Jistis Nouyok la, Letitia James te sipoze tanmen pwosesis pou kolekte kòb jijman an.

Avoka Trump yo plede pou yon Kou d Apèl sispann koleksyon an paske yo di li "pratikman enposib" pou jwenn yon moun pou siyen yon bon pou yon gwo sòm lajan konsa.

XS
SM
MD
LG