Accessibility links

Breaking News

Etazini:Kongrè an Devwale yon Bidjè 1 Trilyon 100 milya dola pou Defans


Congress Budget
Congress Budget

Apre kèk jou reta, lidè yo nan Kongrè Etazini an devwale yon bidjè 1 trilyon 100 milya dola ke 2 pati politik yo te prepare pou defans, sekirite enteyè ak lòt pwogram bonè jodi jedi a, sa ki bay palmantè yo mwens ke 2 jou pou yo evite ke yon pati nan gouvènman an fèmen.

Chanm Depite a ke Repibliken yo kontwole pwal vote sou yon bidjè byen chaje demen vandredi a, kote Sena a ki gen Demokrat an majorite pwal gen sèlman kèk èdtan pou li pase 6 pwojè-lwa ki kouvri apeprè 2 tyè nan 1 trilyon 660 milya dola lajan ke gouvènman an ka depanse selon bezwen li pou ane fiskal la ki ap tanmen premye Oktòb.

Biwo sou Bidjè nan Kongrè a avèti ke defisi ak dèt Etazini pwal pran yon kokenn ogmantasyon pandan 30 lane ki ap vini yo, kote yo prevwa yon dèt nasyonal 34 trilyon 500 milya dola, ki reprezante kounye-a anviwon 99 pousan Pwodui Enteryè Brit peyi a, dèt ki ap gwosi e ki ka rive nan 166 pousan Pwodui Enteryè Brit peyi a distans pou rive nan lane 2054.

XS
SM
MD
LG