Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Itilize Elikoptè Charter Pou Evakye Sitwayen li yo


CT Bafrajan Evacuation of US citizens from Haiti 03202024
CT Bafrajan Evacuation of US citizens from Haiti 03202024

Etazini di ayè mèkredi a li ap evakye plis Ameriken fè yo kite Ayiti akoz vyolans ki gaye nan peyi Karayib la.

Etazini òganize elikoptè charter pou al pran sitwayen li nan kapital Ayiti a, Potoprens, ki an majorite anba kontwol gang ame, e mennen yo nan peyi vwazen Sendomeng, dapre pòtpawol Depatman Deta Vedant Patel.

« Nou espere ke elikoptè sa yo pwal fè plizyè vwayaj pou nou ka chache pran mezi sitwayen ameriken ke nou ka pran jodi a, » se sa Patel di jounalis yo.

Li pa devwale orè vòl evakyasyon sa yo ni ki kantite Ameriken ki ka kite Ayiti, kote li di se pou sekirite operasyon an.

Li di Depatman Deta pwal evalye pita si li pwal bezwen voye plis elikoptè nan jou ki ap vini yo.

XS
SM
MD
LG