Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy kritike Kòmantè Pap François Ki Di Ikrèn ta Dwe “gen Kouraj pou Leve Dapo Blan an,”


Russia Ucrania Guerra Diplomacia
Russia Ucrania Guerra Diplomacia

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy kritike endirèkteman kòmantè Pap François sot fè kote li te di ke Ikrèn ta dwe “gen kouraj pou leve drapo blan an,” kidonk li ta dwe negosye ak LaRisi, 2 lane apre envazyon Moskou a.

Nan diskou ke li fè chak swa sou video, Zelenskyy remèsi lidè relijye ikrenyen yo, dapre sa li di, ki devan nan liy batay yo, “kote yo ap pwoteje lavi ak limanite,” e moutre sipò nan “priyè, nan konvèsasyon, ak nan èd yo bay.”

Minis Afè etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba kritike kòmantè Pap la tou. Men li remèsi lidè relijye a tou pou “priyè li san rete pou lapè,” e li di Kyèv espere resevwa vizit li.

Nan yon entèvyou ak radio Swis RSI epi nan yon video ki pase sou ajans nouvèl Reuters, mwa pase, Pap François te ekzòte Ikrèn pou li “gen kouraj pou negosye” e mete fen nan lagè ak LaRisi a.

XS
SM
MD
LG