Accessibility links

Breaking News

Sena Lafrans Apwouve yon Pwojè Lwa Pou Moun Kapab Jete Pitit


France Senate
France Senate

PARIS (AP) — Sena Lafrans adopte yon pwojè lwa ki te vize konsakre nan Konstitisyon franse a dwa fanm pou fè dilatasyon.

Prezidan Emmanuel Macron te pwomèt desizyon sila apre kèk tribinal te redui nan dwa pou fè avòtman ozetazini.

Vòt Mèkredi a vini apre chanm depite a, ki se Asanble Nasyonal la, te apwouve pwopozisyon an nan mwa Janvye a.

Kounye a mezi a prale devan yon sesyon 2 chanm palman an yo reyini.

Gouvènman Macron a vle amande Atik 34 konstitisyon an pou presize ke "lalwa detèmine kondisyon pou fanm ekzèse libète yo pou jete pitit, ke konstitisyon an garanti."

XS
SM
MD
LG