Accessibility links

Breaking News

Trump Devwale Bay Piblik Tenis “Brand Trump Sneaker Con", ki Vann $399


USA-TRUMP/SNEAKERS
USA-TRUMP/SNEAKERS

Pandan Donald Trump ap pwoche pi pre nominasyon li pou pati Repibliken an nan eleksyon prezidansyèl la, ansyen Prezidan an fè yon bagay ke moun pa konn wè ditou, kote li devwale bay piblik la yon nouvo mak tenis ki pote non Trump nan konpayi "Sneaker Con".

Trump prezante li kòm “meyè tenis sou planèt Tè a”.

Gen anpil moun nan Piblik la ki te rele dèyè Trump e gen anpil lòt tou ki te bat bravo e ki te kontan wè polisyen an nan Philadelphia Convention Center, Samdi, kote li te moutre piblik la sa li rele premye soulye ki pote mak Trump ofisyèlman.

Trump te kenbe soulye dore a pou prezante li bay piblik la epi li te mete youn sou chak bò podium kote li te kanpe a.

Li di "Sa a se yon bagay ke mwen te pale de li sa gen 12 ane, 13 ane konsa".

Tenis dore a ki gen drapo Ameriken nan pati dèyè li, gen kòm mak "The Never Surrender High-Tops", e li vann pou $ 399 sou yon nouvo sit entènèt ki vann tou lòt bagay Trump tankou mak pafen ki rele "Victory47” ki fèk soti, kote li ap vann boutèy la $ 99.

Sit entènèt la di li pa gen okenn koneksyon ak kanpay Trump la.

Lansman an fèt yon jou apre yon jij nan New York te pase lòd pou Trump peye yon gwo amann preske 355 milyon dola, apre otorite yo deklare ke Trump te bay manti sou richès li pandan plizyè ane, nan konbinezon pou fè bank yo prete li plis lajan, e pou twonpe konpayi asirans ak lòt moun, nan fè deklarasyon finansye ki bay byen li yo valè ke yo pa genyen.

XS
SM
MD
LG