Accessibility links

Yon Posib Fen Pwogram TPS la bay Manm Kominote Ayisyèn yo Gwo Kè-Sote

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Marie Jean-Louis bese tèt li pandan li kenbe nan men li kat Pèmi Travay li ak kèk foto fanmi li ann Ayiti nan yon sware retrèt-o-flanbo òganizasyon Fanm Ayisyèn nan Miami te mete sou pye nan Legliz Katolik Notre Dame nan katye Ti Ayiti nan Miami (Foto Achiv).

“ Tèt chaje pou nou tout.”

Myriam pale konsa paske li-menm ak lòt ayisyen ki nan menm ka avèk li yo benefisye de sa ki rele “Stati Proteksyon Tanporè” oubyen TPS, ki ta sipoze pran fen nan dat 22 jiyè pwochen.

Myriam ap travay avek timoun andikape nan Vil New York. Sa gen 20 tan, li te kite Zile Sen Maten pou l antre Ozetazini avèk yon viza ki ekspire depi lontan deja. Nan 2 zou 3 ane ki pase yo, kòm yon moun ki gen orijn ayisyèn, TPS la te ba l dwa etidye epi travay legalman. Nan Eta New York sèlman, genyen 20 mil ayisyen ki benefisye TPS.

Se an 2010 Lèzetazini te ofri TPS pou Ayisyen kap viv sou tèritwa ameriken an apre yon gwo tranblemanntè te devaste Ayiti; depi lè sa a, otorite Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon ameriken (USCIS) renouvle Stati Pwoteksyon Tanporè a chak 18 mwa. Men, jounen jodi a, USCIS fè rekòmandasyon pou otorite yo mete fen nan TPS la nan mwa jiyè 2017 la, paske, daprè yo, Ayiti deja vin leve nèt anba dezas goudougoudou a.

YON POSIB FEN “TPS” LA BAY AYISYEN NAN DYASPORA A GWO KE-SOTE

Myriam fè konnen si li pa gen TPS la ankò, li tap enposib pou l ni travay ni menm kondui machin. Li pale pou l di:

“Sou lisans chofè nou genyen yon so ki di ”vizitè tanporè”; e li gen yon dat ekspirasyon sou li tou.”

Nan kòmansman mwa me 2017 la, ajans nouvèl Associated Press te resevwa kopi kèk imèl ki sikile ant otorite yo nan USCIS e ki pale de plan pou yo lage koukouwouj dèyè imigran nan kominote ayisyèn yo ki ta komèt zak kriminèl oubyen ki ta abize sèvis piblik yo pandan yo gen TPS la. Nouvèl sa a vin bay Dyaspora ayisyèn nan plis kè-sote toujou. Myriam –ki tap fè kòmantè sou plan sa a otorite imigrasyon yo ta genyen- deklare:

“Yon nouvèl konsa fè nou mal; se yon vrè souflèt nan mitan figi nou, paske yon moun pa kapab aplike pou TPS si ou gen yon dosye kriminèl.”

Depatman Sekirite Teritoryal (Department of Homeland Security, ki regle zafè sitwayènte ak imigrasyon), voye bay lavwadlamerik yon kourye elektwonik ki di:

Minis Sekirite Teritoryal la, John Kelly.
Minis Sekirite Teritoryal la, John Kelly.

“Minis John Kelly poko pran yon desizyon sou kesyon TPS la pou Ayiti. Minis la pral baze desizyon li sou yon evalyasyon total e konplè sitiyasyon an ann Ayiti; an plis de sa, li mande manm pèsonèl depatman an ba li enfòmasyon detaye pou l kapab konprann pi byen kijan pwogram nan mache. Se 2 aksyon ki separe e yo pa menm.”

Kriye, Priye, Leve Kanpe…

Depi sa k di nan kourye elektwonik USCIS yo te parèt an piblik, Herold Dasque, ki se yon ansyen direktè òganizasyon Haitian-American United for Progress, fè konnen òganizasyon sa a pa sispann prepare kominote ayisyèn nan sikolojikman.

<< Nou di yo: “Pa kite tansyon nou monte”, paske gen moun ki tonbe malad, e emosyon kapab fè w vin malad.>>

Men, li pi fasil pou moun bay yon konsèy konsa pase pou manm kominote a swiv li.

AYITI POKO REKANPE SOU 2 PYE L

Imigran ayisyen ki gen TPS yo se pa sèl moun kap mande yon pwolongasyon, yon ekstansyon. Nan yon entèvou Anbasadè peyi Dayiti a nan Washington, Paul Altidor, bay Lavwadlamerik, li ensiste pou l di peyi a poko leve anba dezas natirèl yo e li pa kapab resevwa imigran Lèzetazini ta depòte pa bann e pa pakèt. Plis pase 50 mil Ayisyen genyen TPS. Anbasadè Altidor deklare:

Anbasadè Repiblik Dayiti nan Washington, DC, Paul Altidor.
Anbasadè Repiblik Dayiti nan Washington, DC, Paul Altidor.

“Yon jou aprè tranblemanntè a, anpil zanmi ak peyi atravè lemond te mete ansanm pou yo ofri kotizasyon yo epi pran angajman pou yo ede Ayiti. Malerezman anpil nan angajman sa yo pa debouche sou egzekisyon; konsa, Ayiti te repoze sou kèk resous pou l reyalize reskonstriksyon an, eben, kèk nan resous sa yo pa janm materialize; epi franchman gen kèk nan yo ki gaspiye.”

Apre pasaj tranblemanntè a, Ayiti te viktim eklatman yon epidemi kolera; epi ane pase a pi gwo siklòn nan depi ane 1964 te frape peyi a kote li te kraze kay pa bann e pa pkèt, koze mank manje epi fè dega pou plis pase 2 milya dola.

Dasque fè konnen: “Ayiti byen kapab pare pou biznis, se vre; men li pa pare pou l resevwa sitwayen li ki te pati pou y al viv a letranje.”

Gen 13 peyi ki benefisye TPS. Otorite yo deja deside mete fen nan pwogram sa a pou peyi La Gine, Liberya ak Syera Leyòn ki te sibi move konsekans epidemi Ebola a ant 2013 e 2015. Stati benefisyè yo ap pran fen nan dat 21 me 2017 la.

XS
SM
MD
LG