Accessibility links

Breaking News

Amnesty International Denonse Itilizasyon Zam Chimik nan Soudan


Depi mwa janvye 2016 la, moun kap viv nan rejyon Jebel Marra, nan Darfour, rapòte yap soufri ak demanjezon avèk rach; pafwa genyen ki rete konsa yo wè po yo ap dekale, je yo ap koule dlo; genyen ki vin totalman avèg toudenkou, san ap koule sou yo, yap vonmi, yo gen dyare e yap soufri ak gwo pwoblèm respirasyon.

Logo Amnesty International
Logo Amnesty International

Tou bagay sa yo se sentòm ki montre moun yo te ekspoze anba pwodui chimik ki, daprè Amnesty International, se rezilta zam chimik gouvènman soudanè a ta itilize nan zòn nan. Daprè Amnesty International toujou, yon afè de 250 moun --pami yo genyen timoun piti-- kapab deja mouri kòm rezulta atak ak zam chimik yo tandiske plizyè santèn lòt domaje yon fason oubyen yon lòt...

Direktè rejyonal òganizasyon an pou Afrik de Lès, Kòn Afrik la ak Rejyon Gran Lak yo, Muthoni Wanyeki, deklare:

“Kom yon òganizasyon kap swiv sitiyasyon an sou teren an, nou kapab di se premyè fwa nou dokimante itilizasyon zam chimik; kidonk, se yon chanjman total-kapital ki fèt sou teren an.”

XS
SM
MD
LG