Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Jistis: Ranvwa Kòmansman Jijman Ansyen Prezidan a vi Jean-Claude Duvalier


Ann Ayiti, lajistis apwouve demand avoka kap defann ansyen prezidan a-vi Jean-Claude Duvalier te soumèt devan yon tribinal dapèl, pou otorite yo ranvwaye jijman kliyan yo a ki gen pou reponn akizasyon deske li ta komèt krim ak detounman lajan pandan peryòd li t ap dirije peyi a.

Daprè nouvèl yo, avoka Misye Duvalier yo fè konprann dat tribinal la te chwazi pou kòmanse jijman an, twò pre ak anivèsè ranvèsman rejim Duvalier a (7 fevriye 1986) e yo vle fè tout sa k posib pou garanti sekirite ansyen lidè a.

Klike sou ikon ki agoch pou w swiv yon korespondans Clarens Renois k ap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou enfòmasyon sa a ak lòt pwen kap fè aktyalite ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG