Accessibility links

Breaking News

Libète Laprès pat Amelyore nan Afrik di Nò ak Mwayen Oryan an Pandan Ane 2012 la


Yon gwoup k ap defann travay medya yo, fè konnen libète laprès pat amelyore pandan ane 2012 l a nan Afrik di Nò ak Mwayen Oryan an, malgre sa li rele “Prentan Arab la” ki kontinye fè pwogrè nan rejyon an.

Nan rapò Repòtè san Fwontyè pibliye chak ane sou libète laprès nan lemond e ki parèt mèkredi 30 janvye 2013 la, li klase rejyon sa a, kap fè fas ak mouvman leve-kanpe popilè, kòm rejyon kote jounalis sibi plis move tretman nan lemond. Daprè gwoup la, sitiyasyon libète laprès pat bon ditou nan peyi Tinisi ak Lejip kote manifestasyon popilè te debouche sou yon chanjman gouvènman.

Nan Siri, rapò Repòtè san Fwontyè a di jounalis ak moun kap itilize entènèt la viktim yon lagè enfòmasyon kap dewoule ant gouvènman Asad la ak gwoup ki fè pati opozisyon an. Rejim an plas la nan Damas montre plis chak jou li li pa kapab tolere moun ou gwoup moun ki genyen opinyon ki pa nan santiman gouvènman an.

Daprè rapò a toujou, Siri se peyi ki te pi danjre pou yon travayè laprès nan ane 2012 la. Repòtè san Fwontyè, ki baze nan peyi Lafrans, klase rès kontinan afriken an ak rejyon Azi Pasifik la byen ba nan rapò li a.
XS
SM
MD
LG