Accessibility links

Breaking News

Konsèy Depite Ayisyano-Ameriken, Jean Leniol Jeudy, pou Kòlèg Ayisyen Li yo


Depite ameriken Jean Leniol Jeudy, ki gen orijin ayisyèn, lanse apèl bay prezidan Chanm Depite ayisyen an, Levaillant Louis-Jeune, pou mande l anpeche yon gwoup kòlèg li yo gate yon sesyon an asanble nasyonal kote Premye Minis Laurent Lamothe gen pou pran lapawòl nan okazyon ouvèti sesyon òdinè palman an.

Depite sa yo, ki fè pati gwoup minoritè PRI (Palmantè pou Ranfòsman Enstitisyonèl) repwoche Misye Lamothe deske li te refize resevwa yo lè yo te mande l yon rankont pou yo te pale de lajan ki la pou kolektivite teritoryal yo.

Misye Jeudy –ki se yon depite Eta Massachusetts, nan nòdès Lèzetazini- di se responsablite Depite Louis-Jeune pou l pran dispozisyon ki nesesè pou manm PRI yo pa rive anpeche Premye Minis Laurent Lamothe pran lapawol kòmsadwa devan depite ak senatè nan kòmansman rantre palmantè a.
XS
SM
MD
LG