Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl. Obama ou Romney? Sispens la ap Kontinye


Prezidan Barack Obama (adwat) epi Gouvènè Mitt Romney
Prezidan Barack Obama (adwat) epi Gouvènè Mitt Romney
Etazini-Dosye politik: Dènye sondaj dopinyon yo montre Mitt Romney ap pran fòs devan prezidan an plas la, Barack Obama, nan entensyon de vòt elektè yo sou plan nasyonal la.

Youn nan rezon ki eksplike panchan votan yo pou Misye Romney, se yon gwo apui kandida repibliken an resevwa nan kèk eta nan pati sid ak lwès peyi a. Rejyon sa yo, se rejyon kote ou jwenn elektè ki pi konsèvatè yo; nan 2 zou 3 dènye eleksyon ki te dewoule yo, majorite votan nan eta sa yo te jete bulten pou kandida repibliken an.

An touka, jiska prezan, sondaj ki fèt nan sa yo rele «eta vire m 2 bò yo » –sètadi eta kote majorite elektè yo vote pou yon pati nan yon eleksyon, epi pou yon lot pati nan yon lòt eleksyon- eben, sondaj yo montre nan eta sa yo se yon lòt reyalite ki prezante. Sondaj yo montre, yon fason oubyen yon lòt, Prezidan Obama mentni nan eta an kesyon yo avans li te genyen anvan dewoulman 3 deba prezidansyèl yo.

Eta nap pale yo se: Ohio, Wisconsin ak Iowa nan santwès peyi a; New Hampshire nan nòdès Lèzetazini; Vijini nan lès peyi a, Florid nan sidès, avèk Nevada nan pati lwès Lèzetazini. Si Misye Obama rive ranpote vòt elektoral eta sa yo, e s il genyen vòt elektoral sondaj yo prevwa li pral ranpòte nan kèk lòt eta, Pati Demokrat la ap genyen yon total 281 vot elektoral; e se ase pou bay Misye Obama yon 2èm manda nan La Mezon Blanch.
XS
SM
MD
LG