Komerasyon Endepandans Ayiti nan Chicago nan sware Samdi 11 Janvye pou selebre endepandans Ayiti pandan yo t ap rann omaj ak konpatriyot Ayisyen yo ki te mouri nan tranblemanntè ki te pase 12 janvye 2010 a.
Gwoup aktivis Ayisyen KOMOKODA plante pikèt li devan katye jeneral fondasyon Clinton nan nan nouyok a l okazyon 15èm anivèsè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la. KOMOKODA mande sak pase lajan yo te ranmase pou rekonstwi Ayiti.
Thomas Jacques, ansyen minis agrikilti peyi d Ayiti dekri defi ki lakoz kiltivate ayisyen yo paka travay kòmsadwa nan yon entevyou esklizif ak VOA Kreyòl nan vil Atlanta.
Fanatik mizik Ayisyen yo nan Miami komanse ane a ak bon jan mizik atis Tony Mix, Roody Roodboy ak Kreyol la ki te anime yon sware djak sou djak pou make komansman ane 2025 la.
Atis Ayisyen popilè, pami yo - Zenglen ak T-Vice te pote chalè yo bay fanatik yo nan Montreal pou joudlan. Sindy Ducrepin te sou plas pou VOA Kreyol.
Ayisyen nan Potoprens ki pale ak VOA di yo pa atann yo a gran choz, malgre deklarasyon potpawol fos miltinasyonal la fe pou di yo pare pou lanse gwo atak anti gang.
Fanmi jounalis ki viktim nan atak gang ame te lanse kont yon lopital 24 Desanm, plenyen pou fason otorite yo ap jere lantèman an.
Dyaspora Ayisyen kap viv nan Brooklyn, Nouyok eksprime swè yo pou peyi d Ayiti nan ane 2025 la. Yo te pale nan mikwo Glorieuse Nelson.
Kisak pase pye sapen moun te dekore lakay yo pou fet nwel la? Eben sanble kek kabrit nan zon Chicago ap jwi yo kounyea. Obed Lamy esplike.
Madan Marie Lindor Natoux, madanm viktim atak gang ame 24 Desanm lan, Marckendy Natoux, di VOA plan pou fineray mari li fèt dèyè do l. Li pa kontan ditou.
Lide pati opozisyon Ayisyen ki rele Pitit Dessalines nan, Moise Jean Charles akize Konsey Prezidansyel Tranzisyon an deske li pa gen volonte pou rezoud pwoblem kap trakase Ayiti.
Load more