VIL MEXIKO, 6 fevriye (Reuters) - Prezidan panameyen an, Jose Raul Mulino, te di sou rezo sosyal yo jedi ke li pral pale ak tokay ameriken li Donald Trump, a 3:30 p.m. nan vandredi apremidi.
GUATEMALA CITY (AP) — Prezidan gwatemaltèk la, Bernardo Arévalo, di peyi li a ap aksepte sitwayen lòt peyi Etazini depòte. Se dezyèm akò Sekretè Deta Marco Rubio reyalize pandan vwayaj li nan Amerik Santral la.
Sekretè deta ameriken an Marco Rubio k ap fè yon virewon nan amerik Santral la depi Samdi, rankontre Prezidan Kosta Rika a Rodriguez Chaves Robles yè Madi a kote li pran angajman pou Etazini sipòte system Defans Sekirite Sibènetik Kosta Rika a ak lit kont Narkotik.
Sekretè Deta Ameriken an kòmanse yon toune nan Amerik di Sid la Dimanch ki sot pase la Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio te fe yon vizit nan peyi Panama
Sekrete d Eta Marco Rubio kite Panama Lendi apre rankont ak responsab yo pou diskite sou kontwol kanal la epi imigrasyon. Sandra Lemaire gen detay.
PANAMA CITY (AP) — Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di prezidan Panama a peyi l la dwe diminye enfliyans Lachin sou zòn Kanal Panama a, sinon li ka fè fas ak posib reprezay nan men administrasyon Trump lan.
Anvwaye espesyal Donald Trump nan Venezyela, Richard Grenell, anonse Vandredi ke Caracas te libere 6 prizonye Ameriken apre rankont li ak Prezidan Nicolas Maduro, e yo te avè l nan avyon ki t ap retounen Ozetazini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, rankontre dimanch ak lidè Panama a pou l fè presyon sou demann Prezidan Donald Trump pou Lèzetazini reprann kontwòl Kanal Panama a. Pandansetan te gen manifestasyon nan lari a.
Etazini voye yon emisè OVeneyela pou l konvenk otorite yo aksepte imigran Venezyelyen k ap viv nan peyi a san dokiman legal.
Imigran yo bloke nan Meksik tandiske chanjman politik Ozetazini lage dezòd nan biwo refijye yo. Detay: Jeanty Augustin Junior
Gouvènman brezilyen an konvoke Chaje Dafè anbasad ameriken an nan Brasilia lendi 27 janvye a pou l te mande eksplikasyon sou tretman degradan, dapre li, yo te bay migran brezilyen ilegal yo pandan ekspilsyon yo.
Load more