Yon pati nan sanksyon sa yo mande pou anteprenè ameriken pa fè biznis avèk/nan Iran. Delè 90 jou yo te genyen pou yo wete kòb yo envesti nan peyi a ap pran fen lendi 6 out 2018 la.
Otorite yo bay presizyon sou sa biwo federal chak ap dirije a ap fè pou yo dejwe tantativ peyi ennmi ap fè pou yo nui entegrite pwochen eleksyon mi manda yo.
Eksplikasyon FCC: " Yon estasyon radyo/T.V. konsa dejwe prensipal misyon Komisyon an genyen pou l sipèvize fonksyonnman estasyon radyo yo."
Prezidan Trump di sou kont Twiter li: "Session ta dwe mete fen imedyatman nan chas-o-sosyè sa a ki plen twou vid ladan n, anvan ankèt la kontinye sal figi peyi nou an plis toujou."
Jeneral Vincent K. Brooks, kòmandan baz Ayeryen Lèzetazini genyen nan Kore di Sid deklare: "Nou gen yon devwa solanèl pou n mennen lakay tout sòlda nou ki te mouri nan lagè e tout konbatan nou yo te fè prizonye nan lagè."
FACEBOOK anonse li fèmen 32 kont facebook ak instagram paske responsab yo te remake kont sa yo -ki te sou 2 medya sosyal yo- te afiche yon konpòtman kowòdone e sispèk.
Load more