Otorite yo bay presizyon sou sa biwo federal chak ap dirije a ap fè pou yo dejwe tantativ peyi ennmi ap fè pou yo nui entegrite pwochen eleksyon mi manda yo.
Eksplikasyon FCC: " Yon estasyon radyo/T.V. konsa dejwe prensipal misyon Komisyon an genyen pou l sipèvize fonksyonnman estasyon radyo yo."
Prezidan Trump di sou kont Twiter li: "Session ta dwe mete fen imedyatman nan chas-o-sosyè sa a ki plen twou vid ladan n, anvan ankèt la kontinye sal figi peyi nou an plis toujou."
Jeneral Vincent K. Brooks, kòmandan baz Ayeryen Lèzetazini genyen nan Kore di Sid deklare: "Nou gen yon devwa solanèl pou n mennen lakay tout sòlda nou ki te mouri nan lagè e tout konbatan nou yo te fè prizonye nan lagè."
FACEBOOK anonse li fèmen 32 kont facebook ak instagram paske responsab yo te remake kont sa yo -ki te sou 2 medya sosyal yo- te afiche yon konpòtman kowòdone e sispèk.
Paul Manafort konparèt nan tribinal madi 31 jiyè 2018 la pou l reponn akizasyon dèske li te komèt evazyon taks ak fwod bankè. Avoka li, Mèt Thomas Zehnle, di li pa koupab.
Prezidan Trump di li dispoze rankontre ak otorite peyi Iran yo "san kondisyon" e "nenpòt ki lè"... Sepandan lidè ameriken an di moun pa ta dwe janm kite rejim kanson-fè e brital ki nan Teheran an posede zam nikleyè.
Pami demand prezidan Trump fè e ke palmantè yo refize apwouve gen yon sòm 25 milya dola pou konstriksyon yon miray sou fwontyè Lèzetazini pataje avèk Meksik la.
Load more