Misye Sessons -ki kandida pou pòs Minis Jistis la- konparèt nan yon seyans depozisyon sou dosye li sou kesyon dwa sivik.
Gouvènman Larisi a denonse sa l rele akizasyon ki pa kanpe sou anyen ak enkonpetans rapò sèvis entèlijans lan ki akize l kòmkwa li ta mele nan zafè eleksyon an pou l te ede Prezidan-eli a Donald Trump genyen eleksyon an.
Komite Sèvis Ransèyman Etazini konfime enfòmasyon sou pakèt pale anpil ki te fè kwè Larisi te mennen aktivite espyonaj pou enfliyanse eleksyon novanm yo. Prezidan Obama ki tap pale ak ABC News sou dosye a di li pat “pran oserye ase” kanpay move enfòmasyon ajan espyonaj yo tap pibliye ni konsekans zak pirataj nan eleksyon an ta kapab genyen sou sistèm demokratik la.
Senatè-Eli Guy Philippe Twouve l Anba men Otorite Federal Ozetazini sou Akizasyon Trafik Dwòg
Nou ekzòte tout aktè pou yo aksepte rezilta final yo, pa komèt vyolans, epi travay ansanm pou bati yon Ayiti ki pi estab e pi pwospè.”, Deklarasyon John Kirby, pòtpawol Depatman Deta.
Prezidan-eli Donald Trump menase pou l mete gwo taks dwann sou konpayi otomobil GM poutèt li prefere al pwodui machin nan peyi Meksik olye li fè yo Ozetazini.
Prezidan Obama di: “Ayiti gen yon plas istorik nan lit… pou lendepandans peyi nan emisfè oksidantal la. Lèzetazini ap kontinye pote gwo apui li pou avni demokrasi ak opòtinite ekonomik ann Ayiti.”
Load more