Eta Iowa gen yon fason diferan pou l fè nominasyon reprezantan Pati Demokrat ak Repibliken nan eleksyon prezidansyèl yo
Chanm sena a te vote semèn pase a pou pwolonje pou 2 mwa ankò rediksyon taks sou salè moun ap touche
Lèzetazini, Japon, ansanm ak Lachinn, Larisi e Kore di Sid ap fè negosyasyon avèk Pyongyang pou fè l demantibile pwogram nikleyè li a
Depatman Deta ameriken di li regrèt anpil desizyon Tribinal Siprèm RDC-a pou’l valide rezilta pwovizwa Komisyon Elektoral la
Nan yon deklarasyon La mezon blanch fè parèt, li di li an kontak sere avèk alye li yo nan Kore di Sid avèk Japon
Retrè sa a mete fen nan yon lagè ki pran lavi apeprè 4500 sòlda ameriken ak plizyè dizèn milye irakyen
Minis defans ameriken an di rèv Etazini genyen pou Irak ta vinn tounen yon nasyon endepandan pase nan faz reyalite
Li t al fè yon vizit 2 jou nan Afganistan pou l tcheke sou pwogrè efò kont rebelyon Etazini ap dirije nan Afganistan an
Romney ak kèk lòt repibliken nan kous prezidansyèl la ogmante sou atak y ap fè kont Gringrich nan espwa pou yo ralanti elan li
Prezidan an ap vizite yon baz militè kote la Mezon Blanch di lidè ameriken an pral remèsye sòlda ki te sèvi nan Irak yo
Msye Panetta di sòlda Etazini ki estasyone nan pwovens Paktika nan lès Afganistan ke y ap konfwonte kèk defi enpòtan nan konfli sere sa
Iran deklare Etazini ta dwe aksepte konsekans zak li olye l ap reklame avyon sa pilòt ameriken Téheran di li desann pi bonè mwa sa a
Load more