Minis Konseye Anbasad Amerikèn ann Ayiti, Robin Dialo ki tap reponn kesyon yon gwoup jounalis medya afilye Lavwadlamerik pandan yon jounen fòmasyon nan Pòtoprens, di li panse gouvènman ayisyen an tande demand pèp la. Diplomat la te reponn kesyon sou èd entènasyonal la pou pwochèn eleksyon yo.
Prezidan komisyon espesyal chanm bas Depite Jerry Tardieu kap travay sou pwojè amandman konstitisyon an chita pale ak manb divès sektè nan Gonayiv sou modifikasyon manman lwa peyi a. Yon repòtaj Exalus mergenat depi site endepandans la.
Manifestasyon pou egzije yon pwosè sou movèz itilizasyon lajan Petro Caribe kontinye atravè peyi a. Nan Pòtoprens, plizyè 10zèn moun manifeste madi 20 septanm 2018 la pou mande kousiperyè dè kont pa mize ak rapò Petro Caribe a. Yon repòtaj Matiado Vilmé depi kapital ayisyèn nan.
Yon manifestasyon dewoule nan vil Mibalè pou egzije ministè la jistis arete moun ki gagote lajan Petro Caribe a. Plizyè pankat, bandwòl nan men yo pou eksprime fistrasyon popilasyon ayisyèn lan, selon òganizatè yo ki pat kache vwa yo nan mikwo korespondan Lavwadlamerik Jean Christophe Collegue.
692 polisye, pami yo 188 fi prete sèman pou entegre polis nasyonal la mèkredi 19 septanm 2018 la. Nan diskou sikonstans direktè polis nasyonal la, Michael Gedeon chante lwanj pou popilasyon kap kolabore ak lapolis nan kèk katye popilè. Prezidan Jovenel Moïse mete aksan sou remonte zan ensekirite a.
“Département des Cultes” te konvoke sa pa gen lontan yon pèsonalite k ap domine sèn relijye a depi kèk tan deja, dirijan L’Eglise de Dieu Les Envoyés, Mackenson Dorilas, alyas Pwofèt la, alyas Nèg Pinèz la.
Load more