8 tan apre yon tranblemandtè 7, 0 te frape kapital ayisyèn nan Pòtoprens, detui lavi plizyè santèn moun, lese plizyè lòt andikape, ak yon milyon lòt san zabri. Ki kote Ayiti ye jounen jodi a se kesyon anpil moun ap poze.
Pou Paul André Mondesir si prezidan ameriken an, Donald Trump, ta fè yon deklarasyon degradan kont Ayiti, Afrik ak Salvadò jan nouvèl yo rapòte li a, se tap yon ensil pou limanite.
Yon imigran di: << Mwen te prevwa sa ta pral rive. Se lajan Misye konnen e se moun ki gen lajan li konnen. Si l pat gen lajan, li pa tap prezidan jounen jodi a. >>
Reyakyon kondanasyon soti Ozetazini, nan Oganizasyon Inyon Aftrikèn ak nan Peyi d Ayiti.
Reprezantan Etazini ak plizyè otorite ayisyen mete tèt ansanm pou lanse yon kanpay kont debwazman nan peyi. Korespondan Lavwadlameerik nan Kap-Ayisyen ki te sou plas pandan lansman kapay sa a nan pati Nò peyi a di dapre otorite yo, pwogram nan vize rebwaze mòn yon fason pou pwoteje basen vensan yo.
Polis Front la, se yon nouvo inite nan Polis Nasyonal a ki la pou siveye fwontyè Ayisyano-dominiken an e konbat trafik tout kalte nan rejyon an. Seremoni an te dewoule devan plizyè ofisyèl ayisyen ak reprezantan kominote entènasyonal la. …
Reprezantan Etazini, USAID, ak plizye otorite ayisyen mete tèt ansanm pou lanse yon kanpay kont debwazman nan peyi a. Korespondan VOA nan Kap-Ayisyen ki te sou plas pandan lansman kapay sa a nan pati Nò peyi a di dapre otorite yo, pwogram nan vize rebwaze mòn yo ak pwoteje Basen Vensan yo.
Load more