Ansanm òganizasyon moun andikape yo mande premye minis Garry Conille,pran tout dispozisyon pou nome sitwayen Fenel Bellegarde, kòm sekretè deta moun andikape yo pou rezoud pwoblèm sektè sa a ap konfwonte depi kèk tan.
Yon kowalisyon sosyo politik ki regwoupe anviwon yon trantèn òganizasyon,mande premye minis Garry Conille,pran tout dispozisyon pou fasilite deplase yo retounen lakay yo pandanl pandan yo plede anfavè re-striktirasyon konsèy nasyonal dezameman ak reyensèsyon an( CNDDR).
Ansyen prezidan Jocelerme Privert,mande kominote entènasyonal la aji vit nan kàd jefò pou deplwaman misyon miltinasyonal soutyen asekirite a Annayiti.
Sektè Jenès Ayisyen konteste chwa doktè Garry Conille, kòm premye minis tranzisyon demokratik la.
Opinyon yo pataje nan mitan sètèn pati politik ak òganizasyon sosyo politik aprè konsèy prezidansyèl tranzisyon an fin fè chwa doktè,Garry Conille,kòm premye minis tranzisyon an.Yon repòtaj Renan Toussaint,depi pòtoprens.
Ansyen Prezidan Ayisyen Jocelerme Privert di se eleksyon sèlman ki va retabli lod demokratik an Ayiti. Li te pale ak Renan Toussaint.
Met Andre Michel reyaji sou deklarasyon Prezidan Kenya William Ruto fe nan Washington sou jefo peyi li pral mennen ann Ayiti pou demantibile gang ame yo.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an òganize yon seyans travay yè mèkredi 22 Me 2024 la nan entansyon pou mete kanpe yon konsèy nasyonal sekirite ( CNS ) konfòmeman ak akò 3 Avril 2024 la.Plis detày ak Renan Toussaint,depi pòtoprens.
Bandi ame nan awondisman kwadèboukè ak lòt zòn kontinye detwi enfrastrikti lapolis yo malgre gwo kout men peyi lèzetazini bày pou ranfòse kapasite operasyonèl fòs lòd yo Annayiti,antèm dekipman. Detay ak Renan Toussaint,sou plas nan pòtoprens.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an anonse li pral depanse pou pi piti,yon milya goud nan kad yon pwogràm asenisman nan diferant komin zòn metwopolitèn pòtoprens. Nou gen sou plas nan pòtoprens,Renan Toussaint,k ap di nou plis.
Malgre gen yon dàt ki fikse pou fòs misyon miltinasyonal soutyen an rive nan peyi nèg ak zam yo kontinye ap enpoze lwa yo kont popilasyon ayisyèn nan.
An Ayiti,plizyè kandidati pou pòs Premye Minis pou pran tèt peyi a
Kòdonatris jeneral pwogràm nasyonal kantin skolè a,madàn Calixte Delatour,swete fenomèn gangsterizasyon an fini nan peyi an pou aktivite pwogràm kantin skolè yo,ki paralize,kapab rekòmanse.
Defansè dwa moun ann Ayiti,mèt Samuel Madistin,salye demach lèzetazini antreprann ki kòmanse prepare teren an pou fòs misyon miltinasyonal soutyen sekirite a ki gen pou rantre nan peyi a.
Defansè dwa moun, mèt Samuel Madistin, mande pou kraze konsèy prezidansyèl tranzisyon an, epi chwazi prezidan kou kasasyon an pou dirije tranzisyon an .
Diferan sektè ann Ayiti ap fè presyon sou konsèy prezidansyèl tranzisyon an pou mande chaje jwenn yon antant antre yo nan enterè peyi dayiti. Yon repòtaj Renan Toussaint, depi Pòtoprens.
Plizyè manm opozisyon politik la lanse apèl bay manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou yo travay ansanm pou rezoud zizani ki lakoz yo dozado epi travay nan enterè pèp Ayisyen an.
Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint ap prezante nou, yon repòtaj sou fason Dola 50 ak Santim sou apèl telefonik yo depanse aprè yon entèvyou ak direktè jeneral FNE a, Ronald JosepH RENAN TOUSSAINT
Nominasyon sa- pwovoke anpil reyaksyon nan mitan kèk regwoupman pati politik ki te siyen ako 3 avril la pami yo akò Montana. Yon lot reyaksyon ak Renan Toussaint depi Pòtoprens .
Oganizasyon Kri Ayiti mande Konsey Prezidansyel la travay prese-prese pou ede moun kap viv nan lari akoz zak vyolans gang yo tounen lakay yo.
Load more