Yon òm de lwa Annayiti, mèt Jonas Revange, swete 3 konseye prezidansyèl ki enplike nan skandal kòripsyon an, fè yon retrè nan strikti sa a pou fasilite aboustiman ankèt la.Ann swiv yon repòtaj ak Renan Toussaint, depi pòtoprens.
Pati politik Viv Ayiti mande popilasyon ayisyèn nan kolabore ak lapolis nan kad lit kont ensekirite a pandan l pa dakò pou 3 konseye prezidansyèl non yo site nan skandal kòripsyon an demisyone pa zanvan aboutisman ankèt inite lit kont kòripsyon an ULCC .Yon repòtaj Renan Toussaint, depi Pòtoprens.
Sèten sektè nan vi nasyonal la ap fè presyon sou konsèy prezidansyèl tranzisyon an pou mete kanpe konsèy elektoral pwovizwa a nan objektif òganizasyon eleksyon jeneral yo nan kouran lane 2025 la
Plizyè sitwayen ayisyen bay opinyon yo sou vizit Sekretè Deta Ameriken an fè nan Pòtoprens Jedi 5 Septanm nan .
Kalamite moun gran sid,moun anviwon 4 depàtman nan evite gang ame, k ap pase mizè nan yon vye wout kraze anpasan pa Petyonvil ak Kenskòf pou al bout Jakmèl.
Pezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, renouvle angajman KPT a pou retabli lòd ak sekirite nan peyi dayiti yon fason pou antreprenè,mikwo, petit ak mwayèn antrepriz yo ke gang ame kraze, kapab reprann kòm sa dwa.
Inivèsite kiskeya ak soutyen plizyè lòt, atravè yon desizyon yo adopte nan okazyon jounen nasyonal ayisyèn edikasyon sou chanjman klimatik yo ,swete leta ayisyen mande nasyon zini nan pwochen asanble jeneral la, pou deklare dàt 1er septanm kòm jounen nasyonal ayisyèn edikasyon o chanjman klimatik.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an pa rive kenbe dàt 28 Out 2024 li te bay pou mete kanpe konsèy elektoral pwovizwa a akoz majorite sektè yo po ko ka antann yo pou voye nom reprezantan yo nan kad fòmasyon enstitisyon elektoral sa a.Ann swiv yon repòtàj ak
Jodi mèkredi 28 Out 2024 la fè 4 lane depi enkoni ame te asasine mèt Monferrier Dorval, ansyen batonye lòd avoka bawo Pòtoprens yo. Òganizasyon Nou Se Dorval, kontinye reklame jistis pou viktim nan.Yon repòtàj Renan Toussaint, depi pòtoprens.
Asosyasyon Ajan Sekirite Pwofesyonèl yo Annayiti ( AASP) denonse ensekirite, yo di y ap sibi anba men gang ame.Yo lanse apèl pou mande otorite wo plase nan leta a adopte mezi nesesè pou retabli lòd ak sekirite nan peyi a.
Yon ansyen palmantè ayisyen plede pou gen bon jan negosyasyon ant otorite ayisyen ak dominiken pou amelyore relasyon 2 peyi yo.
Yon lidè politik ayisyen, plede anfavè piblikasyon nan jounal ofisyèl leta a " Le moniteur " ,akò 3 Avril 2024 la avan mizanplas konsèy elektoral pwovizwa a.
Yon nouvo rapo Nasyonzuni pibliye di sityasyon ensekirite peyi d Ayiti vinn pi grav.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an bay tèt li yon delè jiska 31 Out 2024 poul mete kanpe konsèy elektoral pwovizwa a. Ann swiv yon repòtaj ak Renan Toussaint, sou plas nan pòtoprens.
Yon lidè nan sosyete sivil ayisyèn nan plede anfavè aplikasyon akò 3 Avril 2024 la ki pwevwa kreyasyon konsèy nasyonal sekirite a ,yon zouti k ap pèmèt leta pi byen ekipe lapolis ak lame dayiti nan moman vyolans gang yo pa sispann ogmante nan peyi an .
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an bay sektè ki angaje nan moute konsèy elektoral pwovizwa a jiska jedi 8 Daout 2024 la pou yo voye non reprezantan yo pou estrikti sa a.
Yon lidè dwa zimen Annayiti, mèt Detournel Bénissoit, ki se prezidan aji pou Ayiti swete gouvènman an kreye konsèy sekirite nasyonal la nan kad lit kont gang ame yo ak pran desizyon pou sipòte popilasyon viktim nan.
Presyon kòmanse ap fèt sou konsèy prezidansyèl tranzisyon an pou ekzije revokasyon doktè Garry Conille nan tèt primati a ak nominasyon komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernes Muscadin, kòm Premye minis pou elimine fenomèn bandi a ann Ayiti.
Responsab plizye sekte politik nan peyi d Ayiti mande leta pran dispozisyon pou kore kapasite lapolis pou kwape bandi kap fe deblozay nan peyi a.
Pati politik Viv Ayiti swete tout moun ki viktim nan ensekirite a, pote plent kont leta ayisyen pandan li swete ke otorite anplas yo akonpaye ak asistans ekonomik paran elèv lekòl yo pou ane eskolè 2024-2025 la.Yon repòtaj Renan Toussaint depi pòtoprens.
Load more