Yon ti gwoup manifestan pwoteste devan dives bank nan Potoprens Jedi kont laviche, grangou ak to chanj la. Korespondan VOA Kreyol nan kapital Ayisyen nan te pale ak kek manifestan.
Komisè gouvènman Potoprens la, Jacques Lafontant anonse Mèkredi, aksyon kont moun ki endekse nan yon rapo sou koripsyon. Renan Toussaint gen detay pou VOA Kreyol depi kapital Ayisyèn nan.
Ansanm sitwayen ak òganizasyon ki lanse mouvman leve kanpa touwouj pou yon lòt endepandans lan, pote plent kont leta Ayisyen nan Pakè Pòtoprens la Lendi, pou krim yo di yo komèt sou manifestan nan dènye manifestasyon kont lavi chè ak ensekirite a. Renan Toussaint gen detay depi Pòtoprens.
Jounalis VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint pale ak manifestan ki pran lari Lendi 29 Out la pou mande Premye Minis Ariel Henry, bay tè a blanch.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint pale ak ekonomis Ayisyen Etzer Emile ki bay opinyon li sou mezi Bank Santral la anvizaje pran pou kontwole to chanj goud-dola a.
Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint, pale ak kèk travayè faktori ki fè konnen ti kras lajan yo touche a mete ak lavichè lakoz yo jwenn anpil difikilte pou achte manje ak lot pwodwi premye nesesite.
Rate kabiran an ann Ayiti epitou ensekirite a anpeche plizyè izin ak faktori fonksyone komsadwa. Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint, te fè yon pase kote faktori yo sitye pou wè kijan sityasyon an ye.
Korespondan VOA kreyol nan kapital Ayisyèn nan, Potoprens pale ak kek komèsan Ayisyen ki di rate gaz la mete yo nan gwo difikilte.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint te pale ak militan yo apre Komisarya Delmas a te libere yo, apre yo te pase nwit la nan gad a vi akoz patisipasyon yo nan yon mobilizasyon pou pwoteste kont gouvenman an 14 Out.
Demann LONU fè pou gouvènman Ayisyen an ba li kon randi pwogrè ki fèt pou oganize yon diyalog nasyonal ak eleksyon, soulve reyaksyon depaman. Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint gen detay.
Polis Nasyonal Ayisyen an ap tann asistans Canada pwomèt li pou ede'l jere ensekirite a. Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint gen detay.
Gwoup opozisyon ki fe pati Sekte Demokatik ak Popile a ap pare pou mobilize 14 Out kap vini an epi mande moun pote kole akyon petisyon pou mande Premye Minis Ariel Henry rale ko li pou pouvwa a. Renan Toussaint gen detay depi Pòtoprens.
Korespondan nou nan kapital Ayisyen nan Renan Toussaint fe yon vire won Mekredi pou gade kijan moun Potoprens ap jere lavi che ak rate gaz la.
Ex-Senatè Ayisyen Youri Latortue kritike deklare Oganizasyon Eta Ameriken yo pibliye sou sityasyon an ann Ayiti. Li te pale ak korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint.
Kolèg defun senate Yvon Buissereth ke gang TiMakak touye e boule pandan wiken nan mande lapolis nasyonal ak la jistis Ayisyen trake e trennen devan lajistis bandi ki responsab pou lanmo li.
Plis pase 30 regwoupman politik ki fome Sekte Demokratik ak Popile a, SDP, repete anko li deside rale ko li soti nan ako 11 Sept. li te siyen ak Premye Minis Ariel Henry. Renan Toussaint t asiste konferans pou lapres yo te bay Jedi.
Nan Pòtoprens, Ex-Senate Nenel Cassy fe konnen Sekte Demokratik ak Popile a deside rale kò li soti nan akò 11 Septanm li te siyen ak Premye Minis Ariel Henry a. Renan Toussaint gen plis detay.
Yon modòd grèv jeneral ki te lanse pou dimanch, lendi ak madi semèn sa a nan Pòtoprens pa reyisi. Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, te sou plas.
Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint ba nou kont randi yon konferans pou laprès kote responsab Ayisyen te bay detay sou jefo kap fet pou ogmante kowoperasyon ak relasyon ant Ayiti ak Panama.
Korespondan nou Renan Toussaint nan lari kapital Ayisyèn nan Mèkredi 27 Jiyè a kote moun te pran lari pou pwoteste kont enskirite a epi PM Ariel Henry.
Load more