Ekip Anpite Ayiti a soti 4e nan Mondyal foutbòl anpite –a nan La Tiki apre defèt li devan Ouzbekistan. Repòtaj Jeanty Augustin Junior
Seleksyon nasyonal anpite Ayisyen an pèdi 4 a 2 devan Angola ki se chanpyon-an-tit Koup di Mond anpite yo k ap dewoule nan La Tiki. Nan final la Ouzbekistan, ki kale La Tiki 5 a 0, ap rankontre Angola. Repòtaj Jeanty Augustin Junior
Nan Mondyal Foutbòl Anpite nan peyi Latiki a : Ayiti kale Tanzani 4-1 pou l kalifye pou definal
Ekip nasyonal anpite maskilen Ayiti Jwe fè match nil 1 a1 fas a Tiki, Lendi 3 Oktob. Sepandan Ayiti fini nan tèt gwoup yo nan Mondyal Foutbol Anpite yo kap dewoule semen sa a nan La Tiki.
Ekip nasyonal anpite maskilen Ayiti kontinye ap vannen konpetitè yo nan Mondyal Foutbòl Anpite yo kap dewoule nan La Tiki. Jeanty Augustin Junior gen detay sou match la, kote Ayiti soti venkè 6-0 sou La Frans.
Ekip anpite Ayisyen an kale Liberya 4-1 nan premye match Kou di Mond Futbol anpite yo kap dewoule nan La Tiki. Jeanty Augustin Junior gen detay pou VOA Kreyol.
Marie Sofonie Louis se antrenèz ekip Anpite feminen Ayisyen an e li se direktris administrativ AHFA
Jounalis VOA Kreyol nan Miami, Jeanty Augustin Junior pale ak atis pent Ayisyen Rosemond Louis yon atis kap evolye nan dyaspora sid Florid la, ki pale nou de yon gwo zev lap fe sou Rèn Anakawona.
Nan Koze Fanm, Jounalis VOA Kreyol nan Miami, Jeanty Augustin Junior pale ak dantis Dr. Stephanie Thomas ki kite Ayiti ak fanmi li akoz ensekirite a e ki esplike poukisa sante dan nou enpotan.
Ekip futbol Ti Ayiti a nan Miami, te akeyi seleksyon nasyonal anpite Ayisyen an pou yon match kote Ayiti kale Port St. Lucie 5-4. Jounalis VOA Kreyol Jeanty Augustin Junior te sou plas.
Seleksyon nasyonal Ayiti anpite a rive Etazini Jedi 1 Septanm pou fe preparasyon pou mondyal foutbol ki pral fet nan peyi Latiki. Jounalis VOA Kreyòl nan Miami, Jeanty Augustin Junior te sou plas nan ayewopò a.
Nan Koze Fanm semèn sa a nou pale ak Dotie Joseph, yon Ayisyèn Amerikèn nan Miami ki fè jere koze pèp la tounen misyon li. Jeanty Augustin Junior gen istwa a.
Depite Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick, ki se yon Ayisyèn Amerikèn ki reprezante eta Florid nan Kongrè a, se youn pami kandida ki ranpote la viktwa nan eleksyon primè ki te dewoule Madi 23 Out nan eta Florid. Jeanty Augustin Junior te sou plas.
Famasyèn Cassandra Esperant pale ak nou sou travay li pou anpeche moun nan kominote Ayisyèn nan trape epi jere VIH. Li te pale ak jounalis VOA Kreyol nan Miami, Jeanty Augustin Junior, pou Koze Fanm.
Anbasadè Bon Volonte Yvans Morisseau ap travay sou ede kominote Ayisyèn Miami-Dade la. Jounalis VOA Kreyol nan Miami, Jeanty Augustin Junior te pale ak misye.
Jounalis VOA Kreyol Jeanty Augustin Junior pale ak patizan ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach, kote rezidans li sitye kote yo dekri desantdelye FBI fe lakay li a kom pesekisyon politik.
Nan Koze Fanm, Jounalis VOA Kreyol nan Miami, Jeanty Augustin Junior koze ak mè relijez Katoik Sè Donna Belizaire sou travay li pou ede pèp Ayisyen an.
Nan Miami, jounalis VOA Kreyol pale ak komedyen e mizisyen Ayisyen Atys Panch, ki te gen onè voye premye boul la nan yon match bezbol pwofesyonèl Ameriken. Nou pwofite ti koze sa a tou pou pale ak misye sou karyè li.
Jounalis VOA Kreyol nan Miami, Jeanty Augustin Junior te pale ak aktè Ayisyen Sloughen Rhyce Chery kap fè gwo pa nan Hollywood.
Load more