Militan politik nan Sid peyi d Ayiti di yo di yo ta renmen pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an bay rezilta pou pèp Ayisyen an tankou mete sekirite, miz an aplikasyon pwogram soulajman lamizè epi oganize eleksyon. Jean Hernst Eliscar gen detay depi Okay.
Konsey Sekirite Sid la akeyi plizye sitwayen Ayisyen ki kouri kite kapital la, Potoprens akoz zak vyolans bandi ame yo. Jean Hernst Eliscar gen detay sou enpak egzod la genyen sou Depatman Sid Ayiti.
Pa gen manje, pa gen medikaman, pa gen dlo, se rezon sa a chèf pakè Okay la Ronald Richemond bay kom rezon ki fè yo deside libere yon seri prizonye ki te fèmen pou "enfraksyon minè".
Lafrans menm jan ak lòt peyi evakye sitwayen li te genyen k ap viv ann Ayiti. Jean Hernst Eliscar di nou operasyon sa a te dewoule nan vil Okay.
Otorite Jamayik yo voye tounen ayiti plizye Ayisyen yo bare ap eseye antre nan zile a ilegalman. Jean Hernst Eliscar gen detay depi Okay.
Aktivite skolè yo reprann timidman nan vil Okay nan Sid peyi d Ayiti, men se pa tout paran ki dako pou voye timoun yo lekol. Korespondan nou, Jean Hernst Eliscar di nou paran yo gen kè sote pou sekirite pitit yo.
Militan politik Marcelin Myrtil "neg arab la" jwenn arestasyon li nan vil Okay Lendi 12 Fevriye a. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou misye aktyelman nan Gad a Vi Komisarya Okay la.
Manifestan pran lari vil Okay 6 Fevriye yon lot fwa anko pou mande depa Premye Minis Ariel Henry sou pouvwa a. Jean Hernst Eliscar te sou plas pou VOA Kreyol.
Nouvo komisè gouvènman Koto a demantibile yon gang ki t ap fòme nan ekstrèm Sid peyi a. Jean Hernst Eliscar
Ayiti komanse diskite lyen ki egziste ant ekonomi ak ekoloji nan kad yon Somè Rejyonal sou Finans ki sot dewoule nan Depatman Sid la. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar, pale ak ekonomis Kesner Pharel.
Pakè Okay la fè konnen li pa gen chwa - fok li pran sanksyon kont palmantè ki endekse nan nouvo rapò ULCC a, poutèt yo ta detounen materyèl leta. Jean Hernst Eliscar gen detay ak reyaksyon depi vil Okay.
Ministè Edikasyon Nasyonal inogire yon lise teknik nan Sid peyi dAyiti. Jean Hernst Eliscar
Manifestan nan Sid Ayiti pran lari pou mande ouveti ofisyel pò Sen Louis a. Jean Hernst Eliscar gen detay depi vil Okay.
Otorite Okay pimpe tounen Ozetazini yon blan Ameriken ke yo akize kom kwa li tap ensite popilasyon an pou komet zak vyolans. Jean Hernst Eliscar, korespondan nou nan vil Okay, di nou Ameriken an tap viv nan vil la depi plizye zane.
Meri vil Okay mobilize pou kolekte lajan pou ede moun Wanament yo kap konstwi kanal la bo kote rivye Masak la. Jean Hernst Eliscar te pale ak majistra a.
Reprezantan Gouvenman an Okay jete yon limye pozitif sou reouveti lekol nan vil la, malgre kek ensidan.
Moun kap vwayaje nan rejyon Sid Ayiti ap ka vwayaje pi alez gras ak Gar Du Sud, yon stasyon otobis ki fek inogire nan vil Okay. Jean Hernst Eliscar te sou plas pou VOA Kreyol.
Otorite lajistis nan vil Okay louvri yon sesyon asiz kriminel pou eseye diminye sou kantite prizonye ki anfemen nan prizon san yo poko janm pase devan yon jij.
Plizyè eli nan depatman Sid la fèmen konplèks administratif la pou egzije plizyè mwa ayere salè.
Ajan Pwoteksyon Sivil yo kòmanse yon kanpay sansibilizasyon pou sezon siklòn nan ki kòmanse 1 jen pou fini 30 Novanm, nan sid peyi d Ayiti.
Load more