WASHINGTON (AP) — Pwokirè yo deklare ke gen yon biznisman woumen ki te anboche Hunter Biden. Objektif anbochan sila se te pou eseye "enfliyanse ajans gouvènman ameriken yo" pandan manda Joe Biden lè li te vis prezidan Etazini.
ANKARA, Latiki (AP) — Latiki te depoze yon demann fòmèl devan Tribinal Entènasyonal Jistis la pou rantre nan pwosè jenosid Lafrik di sid genyen kont Izrayèl la.
WASHINGTON (AP) — Depatman Jistis la di yo akize pakistanè ki swadizan gen lyen ak Iran nan kad yon konplo asasina kont lidè politik sou tè ameriken.
NEW YORK (AP) — Jij ki te dirije jijman ansyen prezidan Donald Trump pou lajan ke li ta peye an kachèt pou achte silans yon vedèt porno, jij sa a ranvwaye dat pou pou li pran desizyon pou konnen si ansyen prezidan an gen iminite prezidansyèl nan dosye sila, kidonk pwoteksyon devan lajistis.
Nasyonzini deklare lendi 5 Dawout 2024 la ke li posib ke 9 anplwaye ajans pou refijye palestinyen li a ki gen ti non UNRWA ki ka "te enplike" nan atak ke Hamas te fè 7 Oktòb la nan sid Izrayèl la, yo jwenn revokasyon yo.
WASHINGTON (AP) — Responsab defans yo di plizyè sòlda ameriken blese nan yon atak ak sa ki sanble yon wokèt sou yon baz militè ann Irak.
TEL AVIV, Izrayèl (AP) - Premye Minis Benjamin Netanyahu di Izrayèl deja angaje nan yon "lagè nan mitan plizyè pati" ak Iran e ak entèmedyè li yo, pandan Etazini ak alye li yo ap pare pou defann Izrayèl kont lòt atak ke li ka pa atann, epi anpeche konfli a kreye plis dezòd nan rejyon an.
WASHINGTON (AP) — Jij federal ki prezide dosye sou kesyon eleksyon an kont ansyen Prezidan Donald Trump rejte efò defans lan ki mande pou rejte akizasyon an paske yo di ke tribinal te pouswiv ansyen prezidan an pou rezon politik.
Load more