5 minis britanik anonse mèkredi, nan yon lèt yo tout siyen, ke y ap kite gouvènman Boris Johnson nan, sa ki fè kantite manm gouvènman britanik la ki bay demisyon yo depi madi monte rive 27 an tou.
Sivil yo kontinye ap evakye vil Sloviansk ke sòlda ris yo ap bondade nan pati lès Ikrèn; vil sa a se pwochen objektif Larisi nan kad plan li genyen pou l pran kontwòl tout Basen Bonbass la; se priyorite li 4 mwa apre konfli a te kòmanse.
Ansyen prezidan Ris Dmitry Medvedev envoke Mèkredi posiblite pou lagè nikleyè ta pete si Tribinal Penal Entènasyonal la (CPI) ta deside kondane Moskou pou swadizan krim lagé nan Ikrèn.
Larisi deklare madi ke ekipman militè peyi nan Lwès yo te voye pou Ikrèn ap vann kounyea sou mache nwa a.
Konferans sa ki ap fèt lendi ak madi semèn sa a kote yo pral eseye travay sou yon plan rekonstriksyon apre lagè a nan Ikrèn.
Dapre dènye rapo Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ak Komisyonè Nasyonzini pou Refijye yo (UNHCR) fè gen plis pase 6 milyon Ikrenyen deplase kite peyi a.
Lame Ikrenyen an anonse dimanch ke sòlda li yo te kouri kite Lysytchansk. Vil sa a se youn nan vil kle nan lès peyi Ikrèn ki tap fè fas a plizyè seri gwo atak twoup Ris yo pandan plizyè semèn.
Larisi te deklare Dimanch li te konkeri Lysychansk ki se yon vil kle nan lagè an, e li kontwole tout rejyon Luhansk, sa ki reprezante yon gwo avans nan batay pou kontwole rejyon Donbass la.
Lame Ris la di ke li elimine 3 misil Ikrenyen te lanse dimanch maten byen bonè sou vil Belgorod, toupre Ikrèn.
Manm Òganizasyon Peyi Ekspòtatè Petwòl yo (OPEP) aksepte jedi kontinye avek plan yo te genyen pou yo mete plis gaz sou mache a pandan sezon ete a; men sa pa sifi pou frennen yon gwo ogmantasyon pri yo ke lagè nan Ikrèn nan pwovoke.
Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, anonse li pral ranfòse lage a kont sa li rele “mara” yo, swa ekip kriminèl k ap simen latèrè nan peyi a e ki tonba anba akizasyon deske yo te tann yon anbiskad kote yo touye 3 polisye. Prezidan Bukele, ki t ap bay yon konferans pou laprès madi swa, ajoute:
Ikrèn te anonse ke li twoke 144 sòlda ak Larisi, pami yo gen 95 ki te ap defann "indistri Azovstal" la nan Mariupol, kote te ki te gen gwo goumen ant lame Ris la ak lame Ikrenyen yo pandan plizyè sènen avan yo te deside rann tèt bay Ris yo.
Load more