Lachin - Lavwadlamerik
        <description>Lachin</description>
Lachin - Lavwadlamerik
        <language>ht</language>
Tarif Trump yo Antre an Aplikasyon 
            <description>Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo. Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo. </description>
Tarif Ameriken yo Antre Ann Aplikasyon; Meksik, Kanada ak Lachin Reponn Kif-Kif 
            <description>Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo. 
Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo. Pwodui enèjetik Kanadyen yo ap gen 10% taks sou yo.  Met sou sa, Trump enpoze 10% tarif sou pwodui Chinwa yo depi Fevriye epi double yo a 20% jodi Madi a. 
Lachin reponn Madi ak tarif adisyonèl 15% sou yon varyete pwodui agrikòl Ameriken ak lot...</description>
Lachin Pwomèt Amerik Latin Lyen 'Fyab' nan Moman Trump Detaye Demann li yo 
            <description>PEKEN — Lachin pral toujou yon zanmi ak patnè "fyab" pou Amerik Latin nan dapre minis afè etranje Chinwa a. Minis la te pale konsa pandan yon rankont ak tokay Bolivyen li nan moman Peken ap chache valeplis teren nan yon rejyon Etazini te enfliyanse anpil nan pase a. 
Minis Chinwa Wang Yi deklare: "Amerik Latin se kay pèp Latino Ameriken an, se pa lakou okenn peyi. Wang te pran la pawol nan Nasyonzini Madi, dapre yon deklarasyon ministè a. 
Lachin vle "elve patenarya estratejik li ak...</description>
Trump Vle Oganize Chita Tande ak Larisi, Lachin pou Diskite Denikleyarizasyon 
            <description>WASHINGTON — Prezidan Donald Trump deklare Jedi ke li vla reprann chita tande sou kontwòl zam nikleyè ak Larisi ak Lachin. 
Misye di li espere evantyèlman 3 peyi a ap kapab antann yo pou koupe kokenn chenn bidjè defans yo pa mwatye. 
Nan pale li te fè ak jounalis yo, Trump plenyen pou di Etazini ap depanse plizyè santèn milya dola pou rebati sistèm defans anti nikleyè. Prezidan an di li espere jwenn angajman bo kote advèsè Etazini yo pou koupe pwop depans yo nan domèn defans yo...</description>
Anbisyon AI Trump ak DeepSeek Lachin Jete Lombraj sou Somè Entelijans Atifisyèl Paris a
            <description>Aspè Jeyopolitik entelijans atifisyèl se pral pwen santral yon gwo rankont o somè kap dewoule an Frans semèn sa a. 
Lidè mondyal, responsab wo plase ak ekspè pral rasanble Paris pou Somè Aksyon AI a kote yo pral travay sou kijan pou yo gide devlopman teknoloji sa a kap avanse rapidman. 
Se dènye nan yon seri diyalog global ki dewoule ozalantou gouvènans AI. 
Li vini nan moman kote Lachin kreye yon gwo boz ak chatbot DeepSeek li a ki bon mache. 
Vis Prezidan Ameriken JD Vance ap...</description>
Elon Musk di li Pa Enterese Achte TikTok 
            <description>Milyadè Elon Musk deklare li pa enterese achte TikTok, aplikasyon videyo kout popilè ke Etazini ap eseye entèdi akoz kè sote pou sekirite nasyonal. Se konpayi Chinwaz ByteDance ki se mèt aplikasyon sa a. 
Musk fè komantè sa yo nan fen mwad Janvye a men se Samdi sèlman ke yo te vinn piblik. Yon konpayi medya Alman ki rele WELT Group. Konpayi sa a fè pati gwo medya Alman Axel Springer SE, ki te oganize yon rankont o somè kote pwopriyetè Tesla a, Musk, te rejwenn konferans yo a pa videyo.
Etazini ak Lachin nan Yon Gè Komèsyal
            <description>Peken egzekite menas li yo nan batay komèsyal prezidan Donald Trump te lanse, lè li te anonse madi tarif ladwann pou sektè enèji, otomobil ak machin nan peyi Etazini. </description>
Lachin Repon Tarif Etazini yo ak Tarif Pa l 
            <description>Peken — Lachin anonse tarif kont kèk pwodui Ameriken kom reprezay pou tarif Etazini enpoze kont pwodui li voye vann Ozetazini. Met sou sa, Peken anonse yon ankèt sou Google. 
Anons Lachin vini kèk minit sèlman apre tarif Prezidan Ameriken Donald Trump te antre ann aplikasyon. 
Se pa premye fwa peyi yo dozado sou kestyon komèsyal. 
Lachin ak Etazini te mele nan yon gè komèsyal an 2018 lè Trump te ogmante tarif sou pwodui Chinwa yo epi Peken te fè mèman parèyman. 
Analis yo di...</description>
Trump Pral Pale ak Xi Madi
            <description>WASHINGTON — Prezidan Etazini Donald Trump pral pale ak Prezidan Lachin Xi Jinping Madi, dapre sa konseye komèsyal li, Peter Navarro di medya Ameriken Politico Live. 
Konvèsasyon an ap dewoule nan moman tarif 10% Trump enpoze kont pwodui Chinwa yo antre an aplikasyon. Peken te reponn tarif sa yo kif-kif. 
Le jounalis yo mande l kijan konsomatè Ameriken ak konpayi yo ta dwe konprann tarif Chinwa yo, Navarro di Politico: "Ann gade sak pral pase ak apèl jodia." 
Sekretè de près...</description>
Lachin Renouvle Menas pou l Pran Reprezay Kont Tarif Etazini yo 
            <description>Lachin repete ankò li pral pran "mezi ki nesesè pou kontre" tarif 10% Prezidan Etazini Donald Trump deside enpoze kont pwodui Chinwa yo. Trump akize Lachin dèske li pa fè ase pou kwape pwodiksyon pwodui chimik moun sèvi pou fabrike dwòg ki rele fentanyl la. 
Ministè Afè Etranje a pibliye yon diklarasyon Dimanch ki pa di egzakteman kisa Lachin pral fè men li di "Lachin lanse apèl bay Etazini pou l korije erè li yo, mentni dinamik pozitif ke nou goumen pou atenn nan domèn kowoperasyon kont...</description>
AI Chinwa DeepSeek Kreye Panik nan Wall Street
            <description>Startup Chinwa DeepSeek kreye panik nan Wall Street apre yo bay rapò sou konbyen kòb yo depanse pou devlope pwodwi Entèlijans Atifisyèl yo a</description>
Lous Panda Bao Li ak Qing Bao Fè Gran Debi yo nan Washington
            <description>2 gwo lous panda, Bao Li ak Qing Bao, fè gran debi yo Vandredi nan pak zowolojik Smithsonian nan nan Washington 24 Janvye. 
Anbasadè Chinwa a te pale pandan yon seremoni pou prezante lous yo bay piblik la: 
"Se yon gran plezi pou m vini nan distri panda yo epi viv gran debi Bao Li ak Qing Bao ansanm ak nou. Washington DC gen lous anko. E mwen kwè nou paka tann pou wè yo." 
Touris Tania Griffin ki pran konje nan travay pou l vin wè lous panda yo deklare:
"Mwen eksite e mwen vreman...</description>
Trump Bay TikTok Yon Repi 75 Jou
            <description>Nouvo prezidan ameriken an, Donald Trump, Bay TikTok 75 jou pou li ranje koze li. </description>
Rubio di Anplwaye Depatman d Eta yo Etazini pral Pousuiv Lapè Toupatou nan Mond lan
            <description>WASHINGTON — Sekretè Deta Marco Rubio di nouvo anplwaye li yo depatman yo a pral pwomouvwa lapè toupatou nan mond la:
" San lapè, li difisil pou gen yon peyi ki puisan, pwospèr e miyò."
Men evite konfli ap yon desizyon estratejik:
"Nou pap janm riske sekirite nasyonal nou, ni enterè nasyonal nou e nou pap janm bliye prensip de baz nou antanke nasyon ak pèp."
Rubio te rankontre tou ak minis afè etranje End, Ostrali ak Japon. 4 peyi sa yo fome Diyalog Sekirite Kwadrilateral la- ou...</description>
TikTok di Lap Travay pou Retabli Sèvis pou Itilizatè Ameriken yo 
            <description>TikTok di "li tanmen pwosesis" pou retabli sèvis pou itilizatè yo Ozetazini apre aplikasyon popilè a te kanpe operasyon akoz yon nouvo lwa Etazini adopte, ki antre an aplikasyon 19 Janvye. 
Konpayi ki jere TikTok la di nan yon mesaj li pibliye sou rezo X Dimanch ke konpayi teknoloji yo te riske oblije peye lajan kom pinisyon si yo pat wetire app TikTok la sou magazen nimerik yo. Gen lot konpayi teknoloji ki ofri pou ede. 
TikTok remèsye Prezidan-eli Donald Trump ki mete yon mesaj sou...</description>
Kijan Pou w Prepare pou Entediksyon TikTok la, Sere Kontni w?
            <description>TikTok finn tounen aplikasyon amizman esansyèl pou jèn jan toupatou nan mond lan. 
Li ofri tout kalite kontni soti depi komedi, kijan pou makiye, komantè sosyal epi enfomasyon. 
Platfom nan taka disparèt sou magazen app Ameriken yo Dimanch. 
Si ou itilize TikTok tout tan - oswa si w kreye kontni sou li epi ou resevwa lajan sou platfom nan - men sa w dwe fè kom preparasyon. 
Itilizatè yo ap kontinye gen aksè ak TikTok si li deja telechaje sou telefon yo. Men App la pral disparèt...</description>
Lachin "Fè Magouy" Pou l Vin yon Sipèpisans, Selon Chèf Diplomasi Trump la
            <description>Marco Rubio, ke Donald Trump chwazi pou vin chèf diplomasi li, deklare mèkredi, devan yon komisyon Sena ameriken an, Lachin "fè magouy" pou rive nan nivo sipèpisans mondyal.</description>
126 Moun Mouri nan yon Tranblemanntè ki Frape Rejyon Wès Lachin 
            <description>Yon tranblemanntè puisan frape mòrn nan rejyon wès Lachin ak kèk zòn peyi Nepal.
Sekous Madi a andomaje plizyè santèn kay, lage debri nan lari epi touye 126 moun nan Tibè.
Anpil lòt moun bloke apre plizyè douzèn sekous kontinye frape rejyon an.
Laprès nasyonal rapòte gen omwens 188 moun ki blese nan Tibè.
Rezo televizyon Chinwa CCTV di gen plis pase 1,000 kay ki andomaje.
Otorite Nepal yo di moun nan rejyon nodès peyi a te santi sekous la men pa gen okenn rapò pou kounyea de...</description>
Trump Envite Prezidan Chinwa  Xi nan Envestiti li
            <description>Prezidan chinwa a Xi JinPing pap prezan nan okazyon seremoni prezidan eli Donald Trump. </description>
Taiwan ap Fè Fas ak yon Deplwaman Naval Masiv
            <description>Taiwan di nan Madi ke li te fè fas ak yon deplwaman naval masiv ke Lachin lanse toupre lanmè li yo, pi gwo pase sa ki te lanse nan mwa Out 2022 an. Aksyon sa yo se repons a vizit depite Ameriken Nancy Pelosi nan Taipei.</description>