Yon Atak nan Pakistan Fè 5 Mò

Pwotestasyon nana pakistan (16 mas 2011)

Nan Pakistan, responsab nan sèvis ransèyman yo di misil ki sanble misil ameriken touye omwen 24 milian nan rejyon tribal nan Nòdès peyi a sou fwontyè Pakistan pataje ak Afganistan.

Responsab yo presize 6 misil frape yon kan militan yo nan jounen jedi 17 mas 2011 a nan rejyon Datta Khel nan Waziristan Nò. Menm sous la presize yon atak nan menm rejyon an te pran lavi 5 moun.

Etazini pa pran responsabilite pou atak sa yo, men espesyalis rejyonal yo di se yon taktik amerike yo abitye itilize ki jwenn asistans Islamabad. Pakistan denonse metòd sa a kòm yon atak kont souverènte peyi a.