Wikileaks Pibliye Plis Dokiman Anbarasan Pou Lèzetazini

Dapre plizyè santèn telegram ameriken ki fuite e ki rive sou sit entènèt Wikileaks la, Afaganistan se yon peyi kote koripsyon ap vale teren nan tout nivo gouvènman an .

Dokiman sa yo soti nan anbasad amerikèn nan nan Kaboul e dekri yon eskalad koripsyon nan gouvènman an tankou kout lajan anba tab, blanchiman lajan ak benefis nan komès dwòg.

Dokiman yo prezante Prezidan Hamid Karzai kòm yon lidè fèb e inefikas. Yon nan kab diplomatik yo dekri minis Agrikili a Asif Rahimi kòm sèl manm nan kabinè ministeryèl afgan an ki pa gen okenn akizasyon koripsyon sou dol .

Sit entènèt Wikilileaks pibliye semen sa a plizyè milye dokiman sekrè Depatman Deta Ameriken ki jen-nen anpil diplomasi amerikèn nan.