17 Moun Mouri nan yon Atak ann Afganistan

Yon gwoup afgan ap priye nan yon Mosque nan Kabul pou 17 moun ki pèdi lavi yo nan atak 7 janvye 2011 la

Nan Afganistan, mouvman Taliban an pran responsablite l pou yon atak-suisid ki fèt sou yon building nan pati sid peyi a. Bilan : 17 moun mouri e 21 lòt blese.

Daprè kèk sous, atak sa a –ki dewoule vandredi 7 janvye 2010 la nan pwovens Helmand, pi presizeman nan vil Spin Boldak– te vize yon gwo kòmandan polis fwontyè a, ki pèdi lavi l nan eksplozyon an.

Nouvèl a fè sonje Lèzetazini pran desizyon pou l voye yon ranfò mil 400 mèrinn nan Afganistan pou mete plis presyon toujou sou militan taliban yo nan moman sezon ivè a ap pwoche –yon sezon kote fòs kowalisyon an pral ranfòse kanpay militè l la nan Afganistan.