Vyolans Kontinye Fè Viktim Nan Afganistan

Otoriteyo nan Afganistan fè konnen yon gwoup nèg ame ouvè kout zam sou yon manm wo plase nan polis sekrè peyi a e yo touye li ansanm ak gad di kò l. Non viktim nan se Mohammad Gul, ki te nan tèt sèvis sekrè a pou pati wès Kaboul, kapital la. Li tonbe anba bal asasen yo jedi 8 jiyè a pandan li te fin kite biwo l nan Kaboul pou l antre lakay li.

Yon lòt kote, 2èm pi gwo kòmandan fòs militè Lèzetazini yo nan peyi Afganistan, jeneral David Rodriguez, fè konnen malgre batay yo ap kontinye ak lennmi, e malgre kantite sòlda ameriken ak afgan ki viktim ap ogmante, efò pou tabli sekirite nan peyi a ap avanse e gouvènman afgan an kòmanse reyisi nan travay estratejik l ap fè pou l kontwole pati sid peyi a kote yon gwo rejyon twouve l anba kontwòl militan taliban yo.

Jeneral la di: "Sa k enpòtan an sè ke pèp la kontinye pote-kole ak gouvènman an; bar yo ak restoran yo kontinye ouvè e gen plis lekòl k ap ouvè san rete. Se yon batay volontè, yon batay menas ak entimidasyon k ap fèt kont pèp la; sitwayen yo pral leve kanpe pou yo defann tèt yo, defann gouvènman an e ede fòs sekirite yo ki gen responsablite pou yo defann pèp afgan an. "