Omikronn, Nouvo Varyan KOVID-19 la, Deja Prezan nan Omwen 17 Eta Ameriken
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Foto sa a montre kèk sereng ak yon ekran kote yo te etale Omicron, non yon nouvo varyan KOVID-19, nan vil Toulouz, pati sidwès LaFrans. (Foto: AFP - Premye desanm 2021).
Espesyalis lasante yo fè konnen yo poko genyen yon ide presi e definitif sou jiska ki degre varyan Omikronn KOVID-19 la kapab fè dega sou sante yon moun. Sepandan y ap travay san pran souf pou yo konnen kijan pou yo kontwole li.
WASHINGTON D.C. —
Varyan Omikronn Kowonaviris la deja gaye nan 40 peyi kounyela a e nan 17 sou 50 eta ameriken yo. Sepandan gwo otorite nan sistèm swen sante Lèzetazini an, ki t ap abòde dosye a nan jounen dimanch 5 desanm nan, deklare yo pa fin byen konnen degre severite efè viris la sou sante moun ki trape l yo.
Klike sou video ki pi ba a pou w suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.
Your browser doesn’t support HTML5
Espesyalis yo kontinye fè gwo efò pou yo jere Omikron, nouvo varyan KOVID-19 la.