Pwokirè Federal Etazini Anonse Akizasyon Kriminèl Kont yon Pirat Entènèt Kore Di Nò

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Pwokirè Tracy Wilkison kap anonse akizasyon kriminèl kont yon pirat entènèt Kore di Nò. (Foto: 6 septanm 2018. AP/Reed Saxon)

Pwokirè federal nan peyi Etazini anonse jedi 6 septanm 2018 la akizasyon kriminèl kont yon pirat Entènèt, ki se moun Kore di Nò.

Akizasyon an fè konnen li te enplike nan yon seri atak sou entènèt nan ane ki pase yo, antwòt envazyon sou Sony Pictures an 2014 ak yon lòt atak sou yon bank santral nan peyi Bangladesh.

Pwokirè yo idantifye pirat la kòm Park Jin Hyok, yon teknisyen ki pwograme òdinatè, ki se manm yon ekip pirat entènèt “Gwoup Lazarus” ke rejim Kore di Nò a patwone.

Pwokirè yo te depose plent yo kont Mesye Park nan Los Angeles kote Sony Pictures gen katye jeneral li, nan dat 8 Jen, 4 jou anvan Prezidan Etazini Donald Trump te rankontre ak lidè Kore di Nò Kim Jong Un pou yon somè istorik nan Sengapour.