Grand Bretay Apwouve Komprime Merck la Kont COVID-19

Une pilule expérimentale de traitement COVID-19 appelée molnupiravir en cours de développement par Merck & Co Inc et Ridgeback Biotherapeutics LP, est visible sur cette photo non datée publiée par Merck & Co Inc et obtenue par Reuters, le 17 mai 2021.

Grand Bretay anonse li se premye peyi ki otorize yon komprime kont maladi COVID-19 lan, ki se yon tretman kote ou pran on pilul pou ede jere sentom kowonavirus la. Yo te devlopel nan laboratwa Ameriken Merck la, e dokte yo konsidere l kòm yon zouti enpòtan nan batay kont pandemi an.

Minis Sante a, Sajid Javid di laprès "Jodi a se yon jou istorik pou peyi nou an paske Wayòm Ini se premye peyi nan mond lan ki apwouve yon komprime ke moun ka pran lakay pou konbat COVID-19 lan. Se pral yon gwo chanjman pou moun ki pi vilnerab yo ".

Komprime sa a ede diminye kapasite viris la poul repwodui, kidonk sa ap ede ralanti pwopagasyon kowonavirus lan.

Komprime sa kapab itilize tou pou moun ki deja teste pozitif e ki pa twop soufri ak sentòm grav. Li fèt tou pou moun ki te an kontak sere sere ak yon moun ki teste pozitif men ki pa devlope maladi a.

Gouvènman Britanik la, ki te fè fas ak pousantaj kontaminasyon COVID-19 ki wo anpil nan mond lan, te anonse nan dat 20 Oktòb ke li te fè yon demann pou 480,000 tretman molnupiravir.