Posib Eliminasyon Sitwayènte ke Nesans bay Ozetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump ki t ap pran lapawòl nan yon meeting nan ayewopò vil Murphysboro, nan pati sid Eta Ilinwa, nan dat 27 oktòb 2018 la. (Foto AP/Jeff Roberson).

Prezidan Donald Trump lanse avètisman pou l di li dispoze elimine dwa yon timoun genyen jounen jodi a pou l pran sitwayènte amerikèn depi li pran nesans sou tèritwa Lèzetazini an, menmsi papa l ak manman n se imigran k ap viv ilegalman nan peyi a.

M. Trump fè yon deklarasyon nan sans sa a nan yon seri televize ki pase sou chèn pa kab HBO. Lidè ameriken an fè konnen li kapab chanje sitiyasyon sa a avèk yon dekrè prezidansyèl tou senpleman. Misye Trump fè konnen:

"Yo te toujou di m pou yon chanjman konsa fèt, nou bezwen yon amandman konstitisyonèl. Ebyen, kite me di nou yon bagay: Yon amandman konsa pa nesesè."

Yon manifestasyon nan vil Atlanta, Eta Jòji, an favè dwa imigran.

14èm Amandman Konstitisyon Amerikèn nan fè konnen: "Tout moun ki pran nesans Ozetazini, ou ki nasyonalize nan peyi a, e ki soumèt li anba lwa Lèzetazini, se sitwayen peyi a e yo se sitwayen Eta kote y ap viv la."

Sepandan, Prezidan Trump ajoute li pale avèk konseye legal li yo e yo fè l konnen li gen dwa pote chajman an pou kont li, avèk yon dekrè tou senpleman. San pèdi manm Demokrat Kongrè a kondane entansyon lidè ameriken a anonse a e yo ensiste pou yo fè konprann yon dekrè prezidansyèl pa kapab pase sou tèt sa ki di nan kontitisyon an.

Nouvo sitwayen ameriken ki t ap prete sèman nan biwo Sèvis pou Sitwayènte ak Imigrasyon (USCIS) nan yon seremoni natiralizasyon nan Manhattan, New York. (Foto: 3 jiyè 2018).

Tout tantativ Prezidan an ta fè pou l mete fen nan sa ki rele "Sitwayènte gras ak nesans la>> kapab pwovoke yon batay; nan mitan batay sa a nou kapab jwenn kontitisyon amerikèn nan li-menm; e petèt tou yon gwo opozisyon nan Kongrè a.

Epesyalis yo fè konnen pou gouvènman ameriken an pote chajman nan yon amandman konstitisyonèl, sa ta mande apui 2 tyè manm chanm Depite a ak 2 tyè manm Sena a, mete sou vòt 3 ka manm palman chak eta nan yon konvansyon konstitisyonèl