Etazini-Prezidansyèl : Donald Trump (Repibliken) ak Hillary Clinton (Demokrat) Ranpòte Eleksyon Primè Eta New York la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida repibliken Donald Trump ki tap pale nan Manhattan apre rezilta yo te montre se li ki ranpòte eleksyon primè Eta New York la. Sou foto sa a li te genyen manm fanmi li ak patizan li yo bò kote li.

Isit Ozetazini: Kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, ak kandida pati demokrat la, Hillary Clinton, se 2 gwo venkè nan eleksyon primè ki dewoule madi 19 avril 2016 la nan Eta New York.

Vrèman vre, Donald Trump ranpòte preske tout delege yo, sa ki ba li jiskaprezan 845 delege an tou. Rezila yo montre li pase men pran 60% nan 95 delege ki te nan balans la; John Kasick ranpòte 25% tandiske 15% al jwenn Ted Cruz. Donald Trump pat gen mo pou l di elektè newyorkè yo mèsi. Li deklare:

“Mwen gen yon gwo-gwo admirasyon ak lwanj pou vil New York ak Eta New York. Mwen pa panse gen okenn lòt kote mwen ta renmen ranpòte viktwa sa a pase nan New York. Alòs, mwen renmen nou tout. Pase yon bòn nuit. Nap selebre aswè a epi demen maten nou pral rekòmanse travay la.”

Hillary Clinton anvan li te pran lapawòl devan patizan l yo nan vil New York nan sware madi 19 avril 2016 la.

Bò kote Demokrat yo, ansyen Senatè Eta New York la, Hillary Clinton, ranpòte 58% vòt yo, tandiske rival li a, Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, ranpòte 42%. Madam Clinton te pale nan sware jounen madi a ak yon gwoup patizan nan New York. Li di yo:

“Mèsi New York. Kous pou nominasyon pati demokrat la preske rive nan faz final li e viktwa a pa lwen nou.”

Viktwa 2 kandida ki devan nan kous la --Misye Trump ak Madam Clinton-- ranpòte nan New York la, vin ogmante chans pou se yo 2 a ki fè fas a fas nan eleksyon jeneral ki pral dewoule nan mwa novanm pwochen an.