Ozetazini, kèk manm enfliyan tou le 2 pati yo nan Kongrè a, ke Prezidan Donald Trump pa t mete okouran devans de disizyon li pran pou l wete twoup militè ameriken yo nan Peyi Siri, pa mete dlo nan bouch yo pou yo kondane desizyon sa a.
2 palmantè ki pi wo-plase nan 2 pati yo -lidè majorite a nan Sena a, Mitch McConnell, avèk prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi- pibliye 2 deklarasyon separe kote yo kritike desizyon an. Misye McConnell di:
“Sèl moun ki ka tire a antaj nan yon desizyon presipite pou wete sòlda ameriken yo nan Siri, se Larisi, Iran ak rejim Assab la nan Damas.”
Mitch McConnell, (R-Ky) lidè majorite a nan Sena ameriken an.
Bò kote pa l, Madam Pelosi di li konsidere desizyon prezidan an kòm “yon evolisyon vrèman chokan nan sitiyasyon an, e sa trayi alye kid nou yo ki reprezante yon ekip patnè enpòtan nan misyon nou genyen pou n derasinen Eta Islamik la.”
Nancy Lelosi (D-Ca), prezidant Chanm Depite ameriken an.
Senatè Lindsay Graham (yon repibliken Eta Kawolin di Sid e manm Komisyon Afè Etranjè a) pibliye lendi 7 oktòb la yon tweet kote li fè konnen li deja pale sou dosye a ak yon kolèg li, Chris Van Hollen (yon senatè Demokrat Eta Maryland); yo pral mete ansanm pou yo pwopoze sanksyon kont Peyi Tiki si li anvayi Siri, e y ap mande sispansyon li nan l’OTAN si lame li atake fòs kid yo ki te ede Lèzetazini detrui kalifa Eta Islamik la.