Yon Otorite nan Depatman Deta Di li Ankouraje Tout Aktè Politik Ayisyen yo Fè Dyalòg Prese-prese pou Fòme yon Gouvènman

Your browser doesn’t support HTML5

Sous-sekretè adjwen nan Depatman Deta pou emisfè oksidantal la, Jon Piechowski, di, “Nou mande tout aktè politik Ayisyen yo pou yo fè dyalòg prese-prese pou fòme yon gouvènman.” Li di le fèt ke Ayiti pa gen yon gouvènman fonksyonèl, sa enkyete ni Etazini, ni kominote entènasyonal la.