Siri: Lame Kòmanse Pati Kite Latakia ak Kèk Lòt Vil

Siri: Lame Kòmanse Pati Kite Latakia ak Kèk Lòt Vil

Medya leta a nan Siri fè konnen manm fòs zame a kòmanse pati kite Latakia, yon vil ki bay sou lanmè e kote militan dwamoun deklare sòlda yo touye omwen 35 moun nan yon operasyon sere-boulon yo lanse pandan 4 jou kont militan opozisyon an k ap pwoteste.

Ajans SANA, ki anba kontwòl leta siryen an, fè konnen lame fin ranpli misyon li te genyen an e li akize sa ajans la rele « gwoup teworis » deske se yo ki responsab mouvman leve-kanpe ki pete nan vil la. Militan dwazimen ak moun ki abite nan vil Latakia pale pou yo di sòlda yo te tire gwo kout mitrayèz madi 16 out 2011 la e yo touye 5 moun pou pi piti.

Nan menm kout kat la e nan menm jounen madi a, gouvènman siryen an anonse tou li kòmanse wete twoup li yo nan vil Deir el-Zour, anviwon yon semèn aprè lame te kòmanse yon seri atak nan vil sa a ki nan pati lès peyi a.