Seyans Depozisyon Sou Nouvo Bidjè a Ozetazini

Prezidan Chanm nan John Boehner

Nan rankont kongrè ameriken an fè mèkredi 16 fevriye 2011 la, prezidan chanm nan, John Boehner, te pran lapawòl pou l pale sou nouvo bidjè prezidan ameriken an, Barack Obama, pwopoze lendi 14 fevriye pase a.

Pwen santral ki nan nouvo bidjè sa a, se kreasyon nouvo djòb, rediksyon dèt peyi a epi bay ekonomi an jarèt. Prezidan Chanm nan, John Boehner, pale pou l di kantite moun ki jwenn travay Ozetazini depi 2006 monte rive 8% e li menm ak kongrè a swete wè kantite a monte pi wo. Bidjè prezidan an pwopoze a pral double ekspòtasyon peyi a disi 2015 pou ogmante kantite travay atravè Lèzetazini. Lòt fason bidjè sa a pwopoze pou l kreye travay e ogmante vant pwodui ameriken yo atravè lemond se atravè komès lib ak Panama, Korea, ak Kolonbi. Bidjè a mande pou administrasyon an travay ak kongrè pou yo ka reyalize objektif sa yo.

Bidjè a souliyen tou nouvo lwa santé prezidan an ke pati repibliken an ap eseye “voye jete”, li di si kongrè a ta “jete” nouvo lwa sa, sa pral elimine 50 mil nouvo djòb lwa sa a deja kreye e sa pral fè ekonomi an fè back.

Bijè a anvizaje kontinye ak seyans depozisyon finansye yo pou pale sou ekonomi peyi a.