Senatè Antonio Cheramy Mande Prezidan Sena a Prese Voye Rapò Petro Caribe a Bay Lajistis
Your browser doesn’t support HTML5
Senatè Antonio Cheramy mande prezidan Sena a Carl Murat Cantave prese voye rapò Petro Caribe a bay lajistis pou mare tout moun ki endekse nan jesyon fon sila a. Senatè Lwès la di li pa posib pou Prezidan Jovenel Moise voye premye minis nan Sena a. Senatè Chéramy tap reponn kesyon Renan Toussaint.