Sena Meksiken an Apwouve Akò Komèsyal ant Etazini, Meksik ak Kanada Malgre Retisans Liberal yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kamyon transpò ki aliyen sou pon Las americas la, sou fowntyè Etazini ak Meksik. Foto: 31 me 2019.

Yon jou apre Sena Meksiken an fin ratifye nouvo akò komèsyal ak Kanada e Etazini, premye minis kanadyen an, Justin Trudeau ap vizite Washington jedi 20 jen an pou l diskite sou akò a ak kèk lòt kesyon komèsyal avek Prezidan ameriken an Donald Trump.

Mekredi 19 jen 2019 la, avek 114 vwa pou e 4 vwa kont Meksik te vote an favè akò ant Lezetazini - Meksik ak Kanada a malgre retisans liberal yo ak tansyon ki genyen ak Lezetazini sou kesyon imigrasyon an.

Meksik se premye peyi ki apwouve ako Etazini - Meksik - Kanada a ki se ranplasan pou akò komès lib Nò-ameriken an.