Yon chofè kamyon ke otorite yo sispèk nan yon operasyon kontrebann ki lakoz 10 moun pèdi lavi yo tonbe anba akizasyon nan Eta Texas kòmkwa li t ap transpòte imigran ilegalman, dapre yon dokiman tribinal ki parèt lendi 24 jiyè 2017 la.
Polis yo nan San Antonio, Texas ki sou sèn kote yo te jwenn 8 moun mouri nan yon trelè nan lakou Walmart la. Otorite yo kalifye aksyon trafik moun sa a kòm yon aktivite malonèt
Akize a ki gen 60 lane, e yo idantifye l kòm James Bradley Jr, ki se moun Eta Florid, ap fè fas ak yon santans prizon avi, dapre otorite yo. Lapolis arete l dimanch 23 jiyè 2017 la, nan vil San Antonio, apre otorite yo te jwenn kadav 8 moun dèyè traktè trelè nan pakin yon makèt yo rele Walmart.