Alabama-Senatoryal : Kandida Repibliken Roy Moore Pote Plent nan Tribinal

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida demokrat la, Dough Jones (agoch); epi kandida repibliken an, Roy Moore.

Ozetazini, nan Eta Alabama, kandida pati repibliken an pou yon plas nan Sena ameriken an, Roy Moore, lanse yon aksyon an jistis a la dènye minit pou li konteste rezilta eleksyon espesyal ki te dewoule pi bonè mwa sa a. Daprè rezilta yo, Misye Jones ranpòte eleksyon senatoryal sa yo avèk yon diferans ki apèn depase 20 mil vwa.

Kandida repibliken malere a pote plent nan tribinal nan kòmansman apremidi jedi 28 desanm 2017 la pou l denonse viktwa rival demokrat li a, Doug Jones, kèk èdtan anvan otorite elektoral yo te gen pou deklare M. Jones ofisyèlman venkè eleksyon an. Eleksyon an te dewoule nan dat 12 desanm 2017 la. Daprè plent kandida repibliken an, se koken elektoral sistematik ki ta pèmèt M. Jones ranpòte vòt la.

Sekretè deta eta Alabama a, John Merrill (pi gwo otorite elektoral Eta a) di li pa dekouvri okenn koken nan eleksyon an e li pa kwè gen okenn chans pou aksyon an jistis Misye Moore la bay rezilta l ap chache a. Nan yon entèvyou Misye Merrill bay CNN, li di: "Eske plent sa a pral pote yon chanjman kèlkonk? Repons kout la se NON."

Patizan kandida demokrat la, Doug Jones, pandan yo t ap tann rezilta yo nan sware elektoral 12 desanm 2017 la nan vil Birmingham, Alabama.

Dènye nouvèl yo di otorite elektoral yo nan Alabama sètifye Dough Jones kòm venkè eleksyon an e li pral prete sèman semèn pwochèn nan. Konsa li pral ranplase Jeff Sessions ki okipe jounen jodi a plas minis jistis nan gouvènman Trump la; li se premye demokrat Alabama voye nan sena ameriken an nan 25 ane.