Rimè sou Lanmò Ansyen Prezidan Chinwa a, Jiang Zemin

Ansyen prezidan chinwa a Jiang Zemin adwat ak lidè peyi a Hu Jintao

Nouvèl ki sòti nan Lachin fè konnen otorite yo nan Peken derefize di si vrèmanvre ansyen prezidan peyi a, Ziang Zemin, mouri apre plizyè jou kote rimè ap sikile pou fè konprann sante misye Ziang pa bon ditou.

Nouvèl sou lamò ansyen lidè chinwa a –ki gen 84 tan- te kòmanse sikile sou entènèt la aprè misye pat parèt nan seremoni ki te make 90èm anivèsè fondasyon Pati Kominis Chiwa a vandredi premye jiyè 2011 la.

Mèkredi 6 jiyè a, nan lasware, yon chèn televizon nan Honk Kong prezante yon nouvèl kote li fè konnen Misye Ziang ta mouri depi plizyè èdtan deja. Se konsa tou, menm kalte nouvèl sa a parèt nan laprès nan peyi Japon ak Kore di Sid.