Kominote Entènasyonal la Reyaji Sou Asasina Ansyen Prezidan Afgan an

Ansyen prezidan afgan an Burhanudin Rabbani

Otorite peyi manm L’OTAN yo lage responsablite asasina sa a sou do 2 atakan-suisid. Daprè yo, atakan sa yo poze zak la paske yo pa renmen mouvman misye Rabbani t ap dirije pou lapè kapab tabli nan Afganistan.

Prezidan Hamid Karzai kondane atak la nan menm jounen madi a anvan li te fè yon rankont ak prezidan ameriken an, Barack Obama. Tou lè 2 lidè yo te nan Nouyòk pou yo patisipe nan sesyon anyèl asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an.

Misye Obama bay opinyon n tou sou asasina a, pandan li t ap pale ak Prezidan Karzai. Prezidan Obama di:

“Se yon pèt trajik. Nou vle prezante ba ou, bay fanmi viktim nan ak pèp Afganistan an, yon kondoleyans ki sòti nan kè nou. Men, Misye Prezidan, mwen panse ensidan sa a pap detounen volonte nou genyen pou n kreye yon chemen kote Afgan yo va kapab viv nan libète, sekirite ak pwosperite.”

Yon pòtpawòl Taliban, ki pran reponsablite pou asasina a, fè ajans nouvèl Reuters konnen gwoup la te chwazi 2 konbatan byen antrene pou yo te tabli kontak ak misye Rabbani anvan yo te lanse atak la. Misye Rabbani, ki sòti nan gwoup etnik Tajik la, t ap dirije Wo Konsèy Afgan pou Lapè a, yon ekip gouvènman Karzay la te fòme pou jwenn yon antant politik ak Mouvman Taliban an.