Rebelyon Siri a Kontinye Fè Viktim

Tank sekirite siryen yo nan lari Deir el-Zour

Fòs sekirite yo lanse nouvo atak aeryen nan Siri, nan moman Konsèy Sekirite l ONU an ap pare pou l pale sou rebelyon k ap fèt nan peyi a.

Gwoup k ap defann dwa moun yo fè konnen yon sivil pou pi piti pèdi lavi l e 3 lòt blese, mèkredi 10 out 2011 la, apre tank te fin antre nan plizyè vilaj nan nodwès peyi a toupre ak fwontyè li pataje ak Turki a.

Pandanstan, temwen fè konnen fòs sekirite yo antre pi fon nan Deir el-Zour, yon bouk nan lès peyi a ki anba syèj depi plizyè jou.

Prezidan siryen an Bashar al-Assad ap fè fas ak kondanasyon entènasyonal k ap ogmante poutèt koukou-wouj li lage dèyè opozan li yo.